Pòtoprens 20 Desanm 2021.- Nwèl se fèt tout moun, se fèt timoun, se fèt granmoun. Se fèt rekonsilyasyon ak linyon. Yon fèt ki pote lajwa, kè kontan. Se pou sa, Ministè Kilti ak Kominikasyon ap òganize yon konkou entèpretasyon chante nwèl. Atis, Chantè nan laj ant 15 ak 35 lane, kap viv nan Pòtoprens ak zòn sou kote yo, vini patisipe nan bèl selebrasyon fèt sa a. Prepare nou pou nou ranmase anpli kado ak sipriz… Plas yo limite…

Premye pri a se yon vwati tou nef. Anpil kado ak sipriz ap tann res moun yo.

Pou plis detay sou dewoulman aktivite sa a, rele nan: 28 17 40 30. Ministe kilti ap kominikasyon ap swete tout moun yon joye nwèl, bòn ane nan lapè, lanmou ak tèt ansanm.