Pòtoprens 20 Desanm 2021.- Nan lespri fèt Nwèl la ki se yon fèt lanmou, lapè ak tèt ansanm, nan lide pou ankouraje pwodiksyon nan zafè literati. Ministè kilti ak kominikasyon lanse yon konkou nasyonal tèks sou tèm : REKONSILYASYON AK LINYON…

Ou se yon powèt, yon ekriven, ki nan laj ant 15 ak 35 lane, kit w ap viv Ayiti ou nan dyaspora a; ebyen pran plim pou w ekri epi prezante on tèks an kreyòl ou an franse. Voye li nan imèl sa: konkouteksnwelmcc@gmail.com anvan 31 desanm 2021.

Pou plis detay sou dewoulman ak règleman sou konkou a, ale sou sit ak paj fesbouk Ministè Kilti ak Kominikasyon oubyen rele nan: 28 17 40 30.

Premye pri a se yon vwati tou nef. Anpil kado ap tann res moun yo tankou : bous etid, laptop, telefòn, kat kado elatriye.

Ministe kilti ak kominikasyon ap di ak tout patisipan yo bòn chans e swete yo jwaye nwèl, bòn ane.