Pòtoprens 28 oktòb 2022.- Nan okazyon Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl, Ministè Kilti ak Kominikasyon salye, ak anpil rekonesans, travay ak angajman pèp Ayisyen an, ansanm ak ekriven, jounalis, lengwis, edikatè, akademisyen epi aktivis nan kesyon lang, ki pote devlopman lang kreyòl la sou do yo depi anpil ane. Rezilta yo pale pou tèt yo. Aktyèlman, peyi Dayiti se yon lidè sou kesyon valorizasyon ak itilizasyon lang kreyòl nan yon pakèt domèn

Depi lane 1983, chak 28 oktòb lè lemonn ap selebre Jounen lang ak kilti kreyòl, Ayiti konsidere kòm yon egzanp, yon peyi avangadis k ap travay pou repare tout tò listwa, patikilyèman lesklavaj, fè yon pakèt pèp ki te kolonize.

Ministè Kilti ak Kominikasyon ap swete tout Ayisyen ak tout pèp kreyòl sou latè yon bon Jounen lang ak kilti kreyòl.

Ministè Kilti ak Kominikasyon p ap janm sispann fè jefò pou valorize lang ak kilti kreyòl an Ayiti. Se yon bon mwayen pou Leta defann volonte ak dinyite Pèp ayisyen.