Pòtoprens 30 septanm 2022.- Biwo sekretè Deta pou entegrasyon moun andikape yo ak tout patnè li yo, ap enfòme popilasyon an jeneral asosyasyon Ayisyèn foutbòl anpite a al patisipe nan 16èm edisyon koup di mond foutbòl anpite kap fèt nan peyi Tiki, nan vil Istanboul soti 1e rive 09 oktòb 2022. Ayiti ap gen pou I jwe premye match li demen samdi 1e oktòb la anfas peyi Liberya bò 5è30 nan maten nan lè pa nou.

Nan sans sa, BSEIPH ap mande tout Ayisyen kit sa ki Ayiti kit sa ki nan dyaspora, pik kou mawon zannanna kou pengwen pou kanpe dèyè ekip nasyonal la, paske chak gòl nou bay se drapo peyi a k ap moute pi wo anba je lemond antye. 

Grenadye alaso ! sa ki mouri, n ap vanje yo !!!

Biwo kominikasyon BSEIPH