Pòtoprens 15 novanm 2022.- Rapò direksyon depatmantal Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) konfime angajman tout aktè yo, paran, pwofesè, direktè lekòl, responsab kominotè ak lòt, nan tèt kole ak responsab ministè a, pou pèmèt tout timoun retounen lekòl toupatou nan peyi a.

Konsa, nan kad reyinyon ki fèt plizyè fwa chak semèn, direktè depatmantal edikasyon ministè a fè konnen, jodi lendi 14 novanm, nan anpil biwo distri eskolè, a travè peyi a, plizyè lekòl reprann aktivite yo.

Sòti nan oganizasyon mès pou repriz lekòl la, premye echanj ant elèv ak pwofesè, reyinyon ant pwofesè, direktè ak paran, aktivite lekòl la jwenn yon bèl bourad ak detèminasyon chak aktè ki kwè fòk timoun yo ale lekòl nan kelkilanswa sikonstans yo.

Se depatman Nip lan ki bay pi bèl ekzanp. Soti nan 127 lekòl ki t ap fonksyone semèn pase a, li pase a 249 lekòl ki rive reprann aktivite yo nan depatman an sou 721. Sa vle di, pousantaj lekòl ki ap mache pase apre yon semèn de 17 % a anviwon 35 %.

Depatman sant lan ap vanse tou, li soti nan 7 % e li pase a 15 % sou kantite lekòl ki reprann aktivite yo.

Depatman Lwès la tou ap progrese, sitou nan Lagonav, Gantye, koniyon ak Vyalè. Se anviwon 9 % lekòl nan depatman an ki rive travay.

Pou depatman Sid la tou, sa kontinye ap vanse. 235 lekòl fondamantal piblik ak 22 lise rive travay nan plizyè komin anwetan okay.

Minis Edikasyon Nasyonal, pwofesè Nesmy MANIGAT, salye travay direktè depatmantal yo ak tout lòt patnè pou fè repekte dwa timoun yo pou yo ale lekòl.