Pòtoprens 18 novanm 2022.- Ministè Kilti ak Kominikasyon fè popilasyon an konnen Televizyon nasyonal peyi a (TNH) ap retransmèt tout match 22zyèm Koupdimonn foutbòl la k ap dewoule nan peyi Kata (Qatar) soti 20 novanm rive 18 desanm 2022.

Ministè Kilti ak Kominikasyon pwofite transmèt remèsiman Premye minis Ariel Henry bay prezidan FIFA a, Mesye Gianni Infantino, ki aksepte fè Leta ak pèp ayisyen an benefisye dwa retransmisyon tout match yo.

Premye minis la remèsye tout moun, depi Lasuis (La Suisse) rive Kata (Qatar), ki te travay byen vit pou trete epi fè aksepte demand peyi Dayiti a.

Nan non Gouvènman an, Ministè Kilti ak Kominikasyon swete tout fanatik foutbòl viv yon bon Mondyal nan kè kontan ak lapè.

—————————————————————————

Port-au-Prince le 18 novembre 2022.- Le Ministère de la Culture et de la Communication (MCC) informe la population que les matchs de la 22ème Coupe du monde de Football, qui se déroulera au Qatar, du 20 novembre au 18 décembre seront retransmis par la Télévision Nationale d’Haïti.

Le MCC est heureux de transmettre les chaleureux remerciements du Premier Ministre Ariel Henry au Président de la FIFA, M. Gianni Infantino, qui a accepté d’accorder, à titre gracieux, les droits de retransmission à Haïti.

Les remerciements du Premier Ministre Ariel Henry s’étendent à tous ceux qui, tant en Suisse qu’au Qatar, ont relayé la demande introduite par le Gouvernement, et permis, en un temps record l’obtention des droits

Le Ministère de la Culture et de la Communication, au nom du Gouvernement, souhaite aux amatrices et amateurs de football une excellente coupe du monde 2022.