Pòtoprens 13 mas 2023.- Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon pwofesyònèl (MENFP) denonse aksyon plizyè endividi malonèt fè devan ak nan lakou lise Jèn Fi ak lise Mari Jàn, nan Pòtoprens, pou twouble fonksyonman lekòl sa yo, jodi lendi 13 mas 2023 a.

Pami endividi sa yo, genyen ki te pote inifòm lise, ak lòt ki te gen kagoul nan tèt yo ak brasa nan men yo. Yo kraze baryè, kraze vit plizyè machin, desann drapo e fè menas pou yo ka fèmen 2 lise sa yo.

Se gras ak entèvansyon Lapolis ki fè plis dega pa rive fèt.

Ministè a denonse e kondane aksyon endividi sa yo e mande tout aktè, tout patnè ak tout sitwayen pou yo kontinye mete men pou defann dwa pou lavi ak dwa pou ledikasyon timoun yo, e pwoteje lekòl.

MENFP kontinye di pa gen avni san edikasyon, pa gen peyi san edikasyon.

Lekòl se pi gwo zouti pou nou sove sosyete sa a ak timoun yo.

Biwo kominikasyon/MENFP