Apre yon premye evalyasyon nan dat 30 out 2023 a, responsab Direksyon Depatmantal Edikasyon nan depatman lwès la, Ministè a rive idantifye 24 sant eskolè Leta ak prive ki akeyi deplase nan zòn Pòtoprens lan nan dènye jou sa yo. Evalyasyon sa a ki rantre nan kad travay pou idantifye elèv ak anseyan deplase yo, pèmèt Ministè a deja konte anviwon 3 100 timoun ak jèn ki nan 24 sant eskòlè sa yo.

Devan sitiyasyon difisil sa a nan Pòtoprens ak lòt kote nan peyi a, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) raple tout aktè, tout sitwayèn ak sitwayen, nesesite pou yo pwoteje batiman lekòl yo, ban, tablo, liv, materyèl enfòmatik, achiv yo e latriye.

Lekòl yo se yon tanp kote timoun yo aprann pou prepare avni yo, fòk nou pwoteje yo ak tout sa ki ladan yo.

Ministè pwofite pou l enfòme piblik la, sitou kominote edikatif la, 2 jou apre li te mete kanpe yon komisyon pou jere enplikasyon dosye timoun ak anseyan ki deplase ak lekòl ki sèvi abri pwovizwa yo nan sistèm edikatif la, MENFP gen tan demare ankèt pou idantifye elèv yo ak sipò zouti nimerik pou fasilite travay sa a.

Komisyon MENFP a ap gen pou fè pwopozisyon pou twouve solisyon pou pèmèt repriz aktivite lekòl yo.

Yon lòt fwa ankò, nan okazyon rantre lekòl nan dat 11 septanm 2023 sa, MENFP renouvle solidarite l bay paran elèv yo ak tout kominote edikatif la nan moman difisil sa yo, pou sakrifis yo toujou fè pou pòt lekòl nan katye pa yo rete louvri.  

MENFP konte sou kolaborasyon tout aktè yo ak patnè l yo pou Dwa pou lavi ak Dwa pou ledikasyon timoun yo respekte nan kelkeswa sikonstans.

Biwo kominikasyon MENFP