Edikasyon/Koperasyon/Japon/UNICEF

Pòtoprens 13 oktòb 2023.- Toujou nan kad jefò k ap fèt pou pèmèt plis timoun ale lekòl epi aprann nan pi bon kondisyon, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP), gras ak Koperasyon japonè, e nan tèt kole avèk Biwo UNICEF ann Ayiti, ap prepare l pou lanse travay rekonstriksyon de lekòl nan depatman Sid peyi a. Tranblemannte 14 out 2021 an te mete plat atè de lekòl sa yo.

Se lekòl nasyonal Somatirin, ki trouve l nan komin Kanperen ak lekòl nasyonal Lakolin, ki nan komin Aken. Se de lekòl fondamantal konplè, sa vle di ki akeyi timoun soti nan preskolè pou rive nan nevyèm ane fondamantal. Ansanm, de lekòl sa yo ap kapap resevwa, apre rekonstriksyon an, plis pase yon milye timoun.

Se Koperasyon japonè k ap finanse toulède chantye yo, men se UNICEF, k ap gen pou jere lajan ki la pou sa. UNICEF, youn nan patnè ministè a enplike anpil nan sektè edikatif la ; ajans nasyonzini sa a deja rekonstui plizyè dizenn lekòl nan Gran Sid peyi a, lekòl ki te tonbe plat atè oubyen ki te sibi anpil domaj pandan tranblemanntè 14 out 2021 an.

Pou pwojè sa a k ap dire 24 mwa, gouvènman japonè a mobilize yon milyon 700 mil dola ameriken.

Pandan jounen vandredi 13 oktob 2023 a, minis Nesmy Manigat, anbasadè peyi Japon an, Yuji Kubo ak reprezantan UNICEF la ann Ayiti, Bruno Maes te chita pale sou mizannèv pwojè sa a. Konsa, twa pati yo deside pou siyen, vandredi pwochen yon Pwotokòl angajman byennavan travay yo demare.

Minis Nesmy Manigat remèsye gouvènman japonè a pou apui sa a li pote, yon lòt fwa ankò, bay edikasyon nan peyi d Ayiti.

Sou bò pa l, anbasadè japonè a, Yuji Kubo, bay garanti gouvènman peyi l vle demare rapidman pwojè sa a pandan li renouvele solidarite pèp japonè anvè pèp ayisyen an.

Direktè kabinè minis Manigat, doktè Jacques Abraham ; chèf Edikasyon nan Biwo UNICEF la ann Ayiti, Inge Vervloesem ak twazyèm sekretè nan anbasad Japon an, Haruki Furusho, te patisipe, yo menm tou, nan rankont sa a.

Biwo kominikasyon MENFP