Edikasyon/Kourikoulòm

6 novanm 2023.- Minis Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl la prezante, jodi lendi 6 novanm 2023 a, bay Gwoup lokal pou patenarya nan edikasyon ann Ayiti a nouvo Kad oryantasyon kourikoulòm nan. Daprè minis Manigat, dokiman sa a ministè a t ap travay sou li depi kèk tan, se yon referans pou mete kanpe nouvo kourikoulòm nan, nan sousi pou transfòme sistèm edikatif la, sitou nan sa ki konsène kalite ak gouvènans.

Nan kad prezantasyon sa a ki te fèt devan laprès, minis Nesmy Manigat deklare chanjman kourikoulòm nan se yon gwo chantye ministè a lanse ; se yon chantye ki chita sou yon desizyon ki konfòm ak demann kominote edikatif la, an patikilye, e rès sosyete a an jeneral.

Pou entwodui entevansyon l nan, minis Manigat te kòmante yon seri estatistik ki montre aklè jan lekòl la ap fèt depi digdantan, sa pa reponn ak aspirasyon sosyete a ki vle pran wout devlopman. Se poutèt sa li estime, nouvou Kad oryantasyon kourikoulom nan se yon gid ki di men kòman lekòl ann Ayiti gen pou li fòme jèn yo si nou vle bati yon sosyete k ap fè pwomosyon pou pwogrè ekonomik, pwogrè sosyal ; yon sosyete ki prepare moun pou viv ansanm nan lapè.

Nouvo kourikoulòm sa a preskri kat domèn nan nivo preskolè : 1) ekspresyon fizik e atistik, 2)inisyasyon nan matematik, 3)langaj ak kominikasyon, 4)dekouvèt monn lan, ak senk domèn nan nivo fondamantal ak segondè : 1) langaj ak kominikasyon, 2) devlopman pèsonèl ak sosyal, 3)syans matematik ak eksperimantal, 4)syans sosyal, 5) teknoloji ak aktivite pwodiksyon.

Nouvo kad oryantasyon kourikoulòm nan fè pwomosyon pou sèt valè fondamantal tout Aysisyen dwe pataje e pwopaje. Li dwe montre li gen 1)respè (pou paran l, fanmi l, kote l ap viv, lanati, lakilti) ; 2)li dwe montre li solidè nan defann kòz ki jis, 3)toleran, 4)onèt ak tèt li e anvè lòt moun ; 5)li dwe aji ak ekite, 6)montre li se yon sitwayen ki konn istwa peyi l e ki renmen peyi l pandan l ap 7)manifeste angajman l nan domèn politik, sosyal, ekonomik ak kiltirèl.

Nan domèn lenguistik, dokiman sa a defann lide pou yon ansèyman ki chita sou plizyè lang ; men se yon ansèyman ki pa kokobe jan sa abitye fèt. Ansèyman kreyòl ak franse a ap fèt depi nan preskolè pou rive nan segondè 4. Ansèyman espanyòl ak anglè ap demare pi bonè, nan klas 5yèm ane fondamantal, menm si pa gen entèdiksyon pou ansèyman de lang sa yo ta kòmanse pi bonè. Aktivite nan nivo preskolè ak ansèyman nan kat premye ane fondamental yo dwe fèt an kreyòl menm si paralèlman elèv yo ap kòmanse pran fòmasyon sou de lang sa yo.

An rezime, dokiman sa a prezante senk evolisyon pou sistèm edikatif la : 1) edikasyon pou sitwayènte a ki tounen yon disiplin apa, 2) pasaj pou soti nan bilenguis kreyòl/fransè a pou rive nan yon miltilenguis kreyòl/fransè/anglè/espanyòl avèk posibilite pou aprann lòt lang ; 3) pasaj de apwòch ki chita sou objektif pou apwòch ki chita sou konpetans ; 4) nivo preskolè a ki vin obligatwa ak 5)angajman kòm youn nan valè fondamantal lekòl la bezwen fè pwomosyon l.

Nan sans sa a, ministè mete devan kèk faktè enpòtan ki kapab fasilite bon jan aplikasyon nouvo kourikoulòm nan; faktè nan tankou: regilasyon ak ankadreman enstitisyon k ap fòme mèt ak direktè lekòl yo; devlopman pèsonèl e pwofesyonèl anseyan yo; ranfosman yon sistèm enfòmasyon ki gen ladan endikatè pou mezire enpak refòm yo; ogmantasyon kantite ak kalite depans piblik yo nan edikasyon.

Nouvo Kad oryantasyon kourikoulòm ap komanse aplike apati lane lekòl 2024-2025 e li ta dwe valab jouk rive lane 2054.

Biwo kominikasyon MENFP