Pwogram/Fòmasyon/UPNCH

31 oktòb 2023.- Nan kad yon seremoni ki te òganize jodi madi 31 oktòb 2023 a, nan invèsite piblik Okap (Université publique du Nord au Cap-Haïtien, an franse), minis Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl la akeyi premyè pwomosyon etidyan pou pwogram “Master “nan administrasyon, direksyon ak jesyon lekòl piblik yo.

“Jodi a anndan inivèsite piblik Okap la, n ap òganize yon kokenn chenn evenman akademik avèk demaraj tout bon vre pwogram sa a ki vize kreye yon nouvo kategori pwofesyonèl ki rasanble direktè lekòl preskolè, direktè lekòl fondamantal ak direktè lekòl segondè piblik ki pran fòmasyon e ki sètifye pou sa “, se yon bout nan deklarasyon minis Nesmy Manigat ki raple nan okazyon an nenpòt moun pa kapab toudenkou vin direktè lekòl.

“Direktè lekòl, se yon metye ki gen egzijans li; se yon metye ki mande pou konsène a gen bon jan dokiman ki sètifye li gen konpetans pou li dirije yon lekòl”, daprè minis Manigat ki estime premyè pwomosyon sa a ki gen ladann yon senkantèn etidyan pral montre wout la pou tout lòt moun k ap dirije oubyen ki gen entansyon dirije yon lekòl. Nan sans sa a, nimewo en Edikasyon nasyonal la, ankouraje lòt inivèsite piblik atravè peyi a pou yo reflechi sou pobilibilte pou develope yon pwogram parèy paske transfòmasyon edikasyon an fè yon pakèt egzijans, pami yo anseyan kalifye e konpetan, direktè lekòl ki konnen metye yo.

Rektè inivèsite piblik Okap la remesye minis Edikasyon nasyonal la pou jefò li fè pou pwogram sa a te kapab demare tout bon vre avèk akèy premyè pwomosyon sa a. Pou doktè Joram Vixamar, pwogram sa a se yon repons ak gwo bezwen lekòl yo genyen sitou nan zafè gouvènans e akèy pwomosyon etidyan sa a montre aklè inivèsite piblik nan rejyon yo ap kontinye jwe wòl yo nan domèn desentralizasyon ansèyman siperyè piblik la ann Ayiti.

“Direksyon lekòl yo bezwen lòt lidè ki gen kalifikasyon ak konpetans pou fè travay la”, se sa premye responsab Direksyon ansèyman siperyè ak rechèch syantifik nan MENFP a te deklare sou bò pa l. Doktè Judson Joseph te raple, jodi a pi plis pase ayè, direksyon lekòl yo bezwen moun ki gen eksperyans e ki konnen sa y ap fè a.

Prezidan Konferans rektè ak prezidan inivèsite ayisyèn yo (Conférence des recteurs et présidents d’universités haïtiennes, CORPUHA, an franse) felisite minis Nesmy Manigat ak rektè inivèsite piblik Okap la pou demaraj pwogram sa a. Doktè Jean-Robert Charles estime pwogram nan se ekspresyon yon envestisman serye k ap fèt pou avni peyi a paske li konsène gouvènans lekòl ki dwe fèt yon lòt jan e pi byen. “Yon direktè lekòl ki fòme se garanti reyisit elèv yo”, selon pwofesè Jean-Robert Charles.

Pandan seremoni akèy premyè pwomosyon an, doktè Joël Michel te prezante pwogram sa inivèsite piblik Okap la rive mete sou pye nan kad yon travay ki te fèt nan tèt kole avèk Sant k ap fòme pwofesyonèl pou edikasyon an (Centre de formation des cadres de l’éducation, CFCE, an franse). Doktè Michel, ki se vis-rektè akademik inivèsite piblik Okap la, te pataje ak asistans la detay sou pilotaj ak kontni fòmasyon sa a k ap dire de lane.

Pwofesè Auguste D’Meza, kòdonatè jeneral pou yon tibout tan inivèsite piblik ki nan rejyon yo ; doktè Fenol Metellus, kòdonatè ann apre inivèsite piblik ki nan rejyon yo ; Manne-Jacques Dodat Jean, rektè pou yon tibout tan inivèsite piblik nan Jeremi ; Terlio Laguerre, vis-rektè inivèsite piblik ki nan Ench; Maurice Firmin, direktè depatmantal edikasyon Nò a, se pami kèk pèsonalite ki te prezan nan seremoni sa a.

Biwo kominikasyon MENFP