Pòtoprens, dimanch 27 me 2018.- Nan lide pou mete plis gete nan fèt manman an ane sa, Laprezidans òganize yon maraton nan Nò peyi a, dimanch 27 me 2018 la.

Kous a pye sa ki te mete sou yon menm pakou jenn fi ak jenn gason nan Nò peyi a, te demare devan kanmpous Wa Anri Kristòf la nan limonad pou al bout devan APN nan vil Okap.

1 -Berzandieu Amos (1 h 22 minit 22 segond #023 )
2-Eventz Limprevil (1 h 36 minit 40 segond # 012 )
3-Exilus evano (1 h 37 minit 41 segond #009)

Se 3 moun ki rive genyen san mil (100.000), senkant mil (50.000) ak vennsenk mil (25.000) goud ak plizyè lòt prim nan okazyon fèt manman an.

Tout sa rantre nan kad vizyon Chèf leta a, ki detèmine pou pa kite okenn gwo moman nan lavi pèp Ayisyen an pase sou silans.

-FINISMAN-