Chèf Leta a Ekselans Jovenel Moïse remesye tout moun ki te fè deplasman an jounen lendi 18 jen 2018 lan sou channmas lan, nan kad aktivite Laprezidans mete sou pye sou Kyòsk la pou pèp la ka byen gade mondyal la.

Prezidan an te kontan pase bèl moman sa ak pèp li. E se ak kè kontan li te pataje anpil kado ak popilasyon an ki te bezwen ti moman detant sa a ak Prezidan li te vote a.

Administrasyon Moïse/ Lafontant an pran gwo dispozisyon pou chak jou gen anpil aktivite sou kyòsk la, men li deja kase randevou chak semenn kote li pral bay kado ak pèp li renmen anpil la. Pandan tout sezon mondyal la Prezidan an ap bay pèp li a kado a gogo.

E pou ete a ekip la ap prezan toupatou nan tout komin, tout seksyon kominal poun pote la vi miyò bay chak grenn Aysyen.

Prezidan Jovenel Moïse pwofite felisite bèl ti pitit la kite gen chans ranpòte gwo lo a. Li genyen yon machin tou nèf. E Chèf Leta salye papa ti pitit la kite akonpayel.

Prezidan an felisite tou popilasyon an kite reponn prezan e ki te bay on bèl ekzanp viv ansam, yo bèl ekzanp inite.

Ann toujou rete men nanmen sou chimen tèt ansanm lan.

-Finisman-