Pòtoprens , lendi 2 jiyè 2018.- Aprè yo te fin genyen konkou Renesans lan nan Kanperen, samdi 7 avril 2018 la, kote chak gayan yo te resevwa 200 mil goud (200.000) nan men Prezidan Repiblik la , Ekselans Jovenel Moïse , 3 mwa aprè, gen anpil chanjman ki deja opere nan lavi jenn antreprenè sa yo, espesyalman Harriane Lormelie Borgella ( AK-100 Pam) ak Ralph Peter Menelas (Poulailler Renesans).

Gras ak bourad lajan epi akonpayman Teknik sou antreprenarya, jesyon ak maketin, AK-100 Pam ap fonksyone nan yon Lokal tou nèf nan sant vil Kanperen epi gen gwo amelyorasyon ki rive pote nan fason AK-100 an ap prepare, nan sousi Pou ti antrepriz sila ka rive alimante tout Depatman Sid la nan yon premye tan epi tout peyi a, nan tan kap vini yo.

Poulaye Renesans ki tap fonksyone nan yon kalòj ak yon efektif 20 a 50 poul, rive pwodwi jounen jodi a ant 300 a 500 poul chak 42 jou, nan yon espas ki pi gwo e ki respekte nòm ki etabli nan zafè elvaj poul yo. Tout sa gras ak lidèchip yon Chèf leta ki deside akonpaye ti piti ak mwayèn antrepriz yo nan peyi a.

“Orange Vin” ki se yon antrepriz ki fè diven ak zoranj, ap kòmanse mete pwodwi deyò nan mwa kap vini yo. “GSBR/ Moulen Transfòmasyon mayi, sou bò pal sèvi ak lajan pal la pou enstale moulen modèn ki pral pèmèt li bay sèvis nan pi bon kondisyon.

Nan Kad Swivi pwojè Renesans Ayiti a, ki jwenn sipò Laprezidans, plis pase yon ventèn lòt ti antrepriz nan Kanperen, pral jwenn lajan prete a travè yon pwojè ki rele Kredi Renesans, e konkou Renesans lan ap kontinye nan tout peyi a sou lòd Ekselans Jovenel Moïse, yon mannyè pou plis moun ki gen bon lide men ki pa gen gwo mwayen ka rive jwenn opòtinite pou soti tèt yo epi bay lòt moun travay.

Se nan bay ti antrepriz yo bourad, nan mete lekòl Pwofesyonèl nan tout peyi a, nan kreye kondisyon pou antrepriz prive yo ka bay plis moun travay, Ekselans Jovenel Moïse ap rive mete lajan nan pòch nou ak manje nan asyèt nou. Pèp Ayisyen se yon pèp ki gen anpil fyète, se nan dinite Prezidan Jovenel Moïse ap pote lavi miyò nan kat kwen peyi a.

FEN