Pòtoprens, 1e oktòb 2018.- Pou 57 èm konferans Lendi Laprès la, Ministè Kominikasyon resevwa, nan lokal li, lendi 1e oktòb 2018 la, Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA) nan kad selebrasyon mwa lang ak kilti kreyòl. Se Pastè Pauris Jean Baptiste ki se Prezidan Akademi an, Madam Luna Gourgue ki se Sekretè Egzekitif, ak Monseyè Pierre André Pierre ki se manm Konsèy Administrasyon an ki te prezante konferans pou laprès sila a.

Dat 28 oktòb se jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl nan divès peyi kreyolofòn nan lemonn. Depi lane pase, AKA chwazi selebre fèt sa a an Ayiti pandan tout mwa oktòb la nan òganize divès aktivite sou teritwa nasyonal la. Ane sa a, se sou tèm « Tankou tout lang, Kreyòl gen règ li, an nou respekte yo », AKA ap selebre fèt sila a. Dapre esplikasyon Pastè Pauris Jean Baptiste, Akademi an chwazi tèm sila a yon mannyè pou raple sosyete a lang kreyòl la se youn nan lang ofisyèl peyi a ki dwe prezan nan tout aktivite nasyonal nan sosyete a. «Travay pou respè prensip ak règ kreyòl la kit se lè n ap pale, kit se lè n ap ekri se misyon tout sosyete ayisyen an, tout sektè lavi nasyonal la, zannana kou pengwen», selon Prezidan AKA a ki envite Laprès, enstitisyon leta kou prive, lekòl, inivèsite pote kole pou respè lang nasyonal nou an.

Madam Luna Gourgue ki t ap prezante kalandriye aktivite AKA ap òganize pandan mwa oktòb la pou selebre lang ak kilti kreyòl la te pwofite raple premye rezolisyon ki te soti sou òtograf Kreyòl ayisyen an nan mwa jen 2017, epi anonse yon dezyèm rezolisyon ki nan preparasyon. «Akademi an deside travay nan tèt kole ak Ministè Kilti ak Kominikasyon, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl sou pwoblematik lang kreyòl la. Gen gwo kanpay sansibilizasyon ki pral fèt nan tout peyi a sou sa», dapre Akademisyen yo ki t ap reponn kesyon jounalis yo, pandan yo fè konnen nan tèt kole ak OMRH, gen fòmasyon ki pral fèt nan administrasyon piblik la pou ede anplwaye Leta yo, sitou kad yo pou yo ka ekri lang kreyòl la byen.

Nan entèvansyon li, Monseyè Pierre André Pierre montre kòman li enpòtan pou chanje tradisyon fè diskou ofisyèl nan lang franse, pandan li rekonèt nan nivo kominikasyon sa, depan de pou ki piblik diskou a ap fèt, si piblik la konprann lang k ap pale a. Monseyè a ki plede pou respè dwa moun ak lang yo pale mande tout enstitisyon piblik kou prive fè efò pou bay lang kreyòl la valè li.

Se nan dat 5 oktòb k ap vini an, nan Sine Triyonf, Akademi an ap òganize seremoni ofisyèl lansman mwa kreyòl la ak kolaborasyon Ministè Kilti ak Kominikasyon. Epi, seremoni kloti a ap fèt 27 oktòb, nan vil Gonayiv yon fason pou salye memwa Maurice Sixto ki te yon gwo lodyansè, pwomotè ak defansè lang nasyonal nou an ki soude tout Ayisyen ansanm.

Ministè Kilti ak Kominikasyon, nan tèt kole ak Akademi Kreyòl Ayisyen an, envite popilasyon an selebre lang li ak kilti li avèk anpil fyète. Ministè a renouvle volonte Prezidan Repiblik la, Ekselans Mesye Jovenel Moïse, ak tout Gouvènman an genyen pou batay pou bay lang Kreyòl la plis jarèt, epi kontinye kominike nan tou de (2) lang ofisyèl peyi a jan sa ekri nan manman lwa peyi a.

-FEN-