Pòtoprens 16 desanm 2022.- « Nou demare mwa novanm ak 7% lekòl ki louvri, nou deja franchi kap 70%. Toutan 100% lekòl yo pa fonksyone, ministè Edikasyon nasyonal p ap satisfè, sosyete a pa kapab satisfè », an rezime se ak mo sa yo minis Nesmy Manigat te demare konferans pou laprès vandredi 16 desanm 2022 a; yon aktivite ki te reyini plizyè patnè nan domèn edikasyon ki te vin mande sosyete a rete debou pou defann dwa tout timoun, tout jèn genyen pou yo ale lekòl pandan y ap aprann nan lapè ak trankilite.

A pati mwa janvye 2023, minis Nesmy Manigat deklare li gen konviksyon tout timoun ki dwe ale lekòl ap rantre lekòl. Nan sans sa a, li salye tou patnè, tout ajan edikatif yo (Direktè depatmantal edikasyon, direktè lekòl, anseyan, enspektè lekòl, paran) ki pa t janm sispann travay pou pèmèt aktivite lekòl la te reprann. Nan nivo nou rive la a, nou gen obligasyon pou nou kontinye. Selon minis Manigat : « Lekòl pa ka kanpe ! Lekòl pa dwe kanpe ! Lekòl pa ka tann ! »

Pandan dewoulaman konferans pou laprès sa a, Minis Nesmy Manigat anonse reyamenajman kalandriye lekòl la pou ane 2022-2023 a preske bout. Kalandriye sa a ap valide yon kantite jou lekòl ki respekte nòm entènasyonal yo ; l ap pèmèt timoun yo gen tan fè aprantisaj ki solid epi òganize egzamen Leta ki kredib.

Nan kad pledwaye sa a sou dwa pou tout timoun ale lekòl nan kè poze, Marie Marguérite Clérié te raple konba pou lekòl fonksyone lib e libè a se yon konba sitwayen. Menm jan yon timoun bezwen manje, menm jan li bezwen bwè dlo chak jou, konsa tou li bezwen edikasyon pou li kontinye aprann, fòme tèt li. Si nou vle garanti lavni peyi a, pa gen lòt opsyon, se edikasyon, selon prezidant Asosyasyon pwofesyonèl lekòl prive yo.

Pou direktè egzekitif Federasyon lekòl pwotestan D Ayiti yo, dwa pou timoun yo ale lekòl pa negosyab. Daprè Christon St.-Fort, granmoun yo – nan tout sa y ap fè -, dwe panse defann dwa sa a. Christon St.-Fort ankouraje paran yo pou yo kontinye voye timoun yo lekòl pandan li mande Leta pou li pa neglije kreye kondisyon lapè pou lekòl yo kapab fonksyone e devlope estrateji pou akonpaye lekòl k ap fè fas ak gwo difilite yo.

Sekretè jeneral Inyon pran elèv pwogresis D Ayiti yo te abonde nan menm sans la. Nan kad batay pou respè dwa sa a, Léo Litholu deklare Leta gen obligasyon pou mete plis lajan nan bidjè ministè Edikasyon nasyonal pou li kapab konstwi, repare lekòl e fasilite tout timoun gen aksè ak bon jan kalite edikasyon.

Masly Dorcely – sekretè jeneral Rezo anseyan ayisyen yo -, bay garanti sendika anseyan yo p ap fè bak nan konba sa a. Sendikalis la mande granmoun yo pa itilize fèmti lekòl la kòm pretèks pou anvlimen kriz politik. Fòk lekòl la fonksyone pou nou kapab bay sosyete a lespwa.

Jean Luc Tondreau(Ofisye ki anchaj Biwo Unesco nan Pòtoprens) te raple sou bò pa li, dwa pou tout timoun ale lekòl la se yon dwa fondamantal.

Chantye transfòmasyon

Pandan ministè ap kontinye fè jesyon ijans ki genyen nan sektè edikasyon an, minis Manigat anonse chantye transfòmasyon sistèm edikasyon an ap rapouswiv avèk enstalasyon Komisyon nasyonal syantifik la, Komisyon sou refòm kourikoulòm nan, Prezantasyon ak distribisyon Liv eskolè inik la ki akonpaye ak kaye egzèsis.

A pati semenm pwochen e pou tout rès mwa desanm nan, operasyon distribisyon Liv inik la pral kòmanse nan tout peyi a. Tout anseyan nan klas premye ane fondamantal – nan lekòl piblik tankou prive -, ak gen pou resevwa liv la ak kaye egzèsis ki akonpaye l. Nan mwa janvye 2023, operasyon pou bay chak timoun yon Liv inik pral demare tou.

Paralèlman, nan kad chantye transfòmasyon yo, ministè a ap prepare l pou lanse, nan mwa fevriye 2023, yon gwo sesyon fòmasyon pou tout anseyan anndan peyi a.

Biwo Kominikasyon MENFP