Pòtoprens 13 avril 2023.- « A pati vandredi 14 avril 2023 sa a, tout lekòl piblik tankou prive ki gen tan fè deklarasyon yo sou platfòm entènèt ministè a (www.menfp.gouv.ht) ap kapab demare avèk pwosesis enskripsyon kandida pou egzamen ofisyèl 9e ane fondamantal yo », se te prensipal mesaj minis Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl la voye bay responsab lekòl yo ; yon mesaj li pataje ak tout rès kominote edikatif la.

Nan detay li bay pandan konferans pou laprès nan jounen jedi 13 avril la, minis Nesmy Manigat raple operasyon pou lekòl yo deklare tèt yo anliy nan ki te kòmanse 27 mas pase a ap bout – jan sa te di -, 28 avril 2023. Pakont, operasyon pou enskripsyon kandida sa yo ap bout 7 me 2023.

Pou kounye a, se de operasyon k ap kontinye dewoule an menm tan paske depi yon lekòl fin deklare tèt li, l ap tou jwenn otorizasyon Direksyon depatmantal edikasyon kote li ye pou li enskri elèv 9e ane fondamantal yo. Si li posib li kapab fè enskripsyon an pandan youn ou plizyè jou.

Minis edikasyon nasyonal la ankouraje anpil anpil lekòl yo ki poko deklare tèt yo pou yo fè sa prese prese. Si yo gen difikilte yo kapab chèche sipò nan Biwo distri eskolè yo ou byen nan Direksyon depatmantal yo.

‘’ Ane sa a p ap gen « ka espesyal » paske se platfòm ministè a k ap gen pou jere kesyon an, e l ap fè sa pou tout lekòl ki suiv tout etap pwosesis la », se sa minis Nesmy Manigat te rapousuiv pou di pandan li ankouraje elèv ak paran yo pou chèche konnen kòman responsab lekòl ap vanse ak kesyon sa a.

Kòman enskripsyon anliy kandida 9e ane yo pral fèt

An reyalite depi responsab la fini fè deklarasyon lekòl la, l ap resevwa tousuit yon mesaj elektwonik k ap di l li gen otorizasyon pou antame pwosesis enskripsyon kandida yo. Se nan menm moman sa a li va resevwa Gid ki va ede l nan diferan etap pwosesis la.

Direktè Biwo nasyonal egzamen Leta yo (BUNEXE, an franse) raple nan tan pase yo, se direksyon depatmantal yo ki te konn fè enskripsyon pou kategori elèv sa yo, men ane sa a se responsab lekòl yo ki gen pou fè sa.

Renan Michel raple tou travay enspektè lekòl yo pa chanje. Responsab lekòl yo ap toujou depoze fòmilè enskripsyon yo nan DDE yo ansanm avèk fich ki pwouve yo peye labank pou chak elèv ki pral patisipe nan egzamen sa yo. Kantite kòb lekòl la peye a dwe koresponn ak kantite elèv la.

Frè enskripsyon la se mil goud. Okenn elèv ki nan 9e ane fondamental – nan kèlkeswa lekòl li ye anndan peyi a -, pa dwe peye yon santim an plis pou enskripsyon sa a.

Gerald Belizaire, Kòdonatè BUNEXE la, yon lòt bò, fè konnen pa gen jwèt malis kache ak platfòm ministè a. Yon responsab lekòl ap jwenn otorizasyon pou li enskri egzakteman pou kantite elèv li peye labank.

Responsab yo nan ministè a, pandan konferans pou laprès sa a, te ensiste anpil pou mande dirijan lekòl yo pou yo genyen nan men yo, lè y ap fè enskripsyon an, akdenesans elèv yo, yon fason evite erè fèt nan non, siyati ak nan dat nesans yo.

Pwofesè Auguste D’Meza, manm kabinè minis Edikasyon nasyonal la; Etienne Louisseul France, Direktè depatmantal Edikasyon lwès la ; Kendy Nicolas, Direktè ansèyman fondamantal la se lòt pèsonalite ki te arebò tab konferans pou laprès sa a.

Biwo kominikasyon MENFP