Mwen li ak anpil atansyon divès mesaj plizyè sendika k ap defann anseyan ki nan lekòl piblik yo ekri sou kondisyon travay ak kondisyon lavi anseyan yo. Se okazyon pou m di nou, yon lòt fwa, mwen toujou dispoze pou kontinye chita pale sou tout dosye sektè a, nan limit misyon ministè edikasyon nasyonal.

Annatandan, men kèk repons mwen ka kòmanse pote avan chita pale yo kontinye sou revandikasyon nou yo ki lejitim :

Nan sa ki konsène reta pou resevwa chèk salè, Ministè Edikasyon Nasyonal deja pibliye yon nòt pou anonse li kòmanse peye mwa mas 2023 sa a. Mwen konprann epi mwen dakò ak revandikasyon sa a, mwen deja fè entèvansyon sou sa. Mwen ka di, Gouvènman an pral fè tout sa ki posib pou rezoud pwoblèm sa a.

Pou sa ki konsène chèk Direksyon Depatmantal Edikasyon kenbe apre rapò direktè lekòl yo sou sitiyasyon plizyè pwofesè ki pa vin travay depi kèk mwa, ministè a demare resansman tout lekòl nan peyi a depi 27 mas 2023 pase a, yon fason pou li genyen avan lontan lis tout pwofesè k ap travay tout bon vre. Se yon fason pou ministè a jwenn lajan pou pwopoze nominasyon pou anseyan ak pèsonèl administratif ki poko nome yo. Sa pa ka tann, nou konnen plizyè anseyan kite peyi a nan dènye jou sa yo. Se pou sa, resansman sa enpòtan, dekwa pou ministè a jwenn bon jan enfòmasyon ki pèmet li sipèvize, kontwole epi akredite lekòl piblik tankou lekòl prive. Dènye resansman eskolè ki te fèt nan lane 2016 la, sa vle di depi 7 lane, pa pèmèt nou konnen ki anseyan ki pa nan sektè a ankò oubyen, ki pa nan peyi a ankò. Ministè a ap sipèvize chèk ki retni pou pwofesè absan yo pou evite abi. Mwen pwofite okazyon sa a pou mande sendika yo, yon lòt fwa, kolabore nan resansman nasyonal an liy Lekòl, Pwofesè, Elèv k ap kontinye nan mwa sa a.

Mwen konnen kondisyon travay nou pa fasil, sitou kote ensekirite ak vyolans andikape aktivite eskolè yo, epi menase sante fizik ak sante mantal nou. Nan sans sa a, ministè a fèk pran desizyon pou mete an plas yon patenarya ak Asosyasyon Sikològ Ayisyen pou voye je sou byennèt elèv ak anseyan, kote nou ka rele gratis nan nimewo (29199000). Men nou p ap kanpe la, n ap kontinye travay pou rezoud sa yon Gouvènman tranzisyon ka rezoud, tankou sa te fèt nan ajisteman salè ki te bay ane 2022 a, nan aktyalizasyon pwopozisyon griy salè 2014 la pou lè gen Palman ak Gouvènman apre eleksyon, san konte nan plizyè fòmasyon pou anseyan k ap reyalize nan ane lekòl 2022 – (ak) 2023. Griy salè a pral enpòtan pou diminye eka salè yo, sitou pou anseyan preskolè ak 2 premye sik lekòl fondamantal yo.

Kolèg Anseyan, pòt ministè edikasyon nasyonal toujou rete tou louvri pou nou kontinye diskite epi prepare negosyasyon ki posib ak rès estrikti nan Leta a, yon fason pou nou pa sakrifye rès ane lekòl la. Plis elèv pa dwe viktim toujou. Mwen pwofite retire chapo pou salye e ankouraje rès 70% anseyan k ap travay nan sektè prive a, pandan ministè edikasyon nasyonal ap prepare yon pwojè k ap konsène travayè edikasyon lekòl prive yo tou, nan okazyon jounen nasyonal anseyan.

Pou fini, m ap di mwen konnen majorite nan nou se paran elèv tou, mwen konnen mwen ka konte sou nou pou pitit nou pa pèdi ane lekòl sa a. Lemonn ap pwogrese, tout rès peyi nan rejyon an ap vanse, epi laj elèv yo p ap tann. Ministè a konte sou nou pou chantye transfòmasyon peyi D Ayiti atravè transfòmasyon edikasyon, nan mete kanpe yon kourikoulòm andojèn ki chita sou listwa, kilti, bezwen ekonomik ak syantifik Ayiti, jewografi kontinan an, ak konpetans pou 21yèm syèk sa. Se sèl konsa, diplòm nou yo p ap kontinye pèdi valè nan je paran yo ak nan je lòt peyi.

Mwen konnen, n ap dakò kore gwo sakrifis 4 milyon paran elèv kontinye ap fè chak maten. Anpil pran ponya epi fè tout kalite jefò dekwa pou pitit yo pa pèdi ane lekòl sa, k ap rapousuiv ak anpil difikilte akòz ensekirite ak vyolans. Apre anpil gwo jefò, elèv yo fèk rive nan mwatye wout. An n kontinye fè sakrifis pou sove rès ane lekòl la padan Gouvènman an ap travay pou satisfè revandikasyon nou yo ki pa ka tann. M ap fè remake, peyi a fèk pèdi 190 jou lekòl, sòti septanm 2019 rive jounen jodi a, sa vle di yon ane aprantisaj pèdi.

Kolèg Anseyan, nou tande epi nou konprann kri revandikasyon nou yo. Pa gen peyi san edikasyon, pa gen edikasyon san lekòl, pa gen lekòl san Anseyan. An n pwoteje lekòl ak ti moun yo.

Lekòl pa ka tann. Ankouraje !

Nesmy Manigat,
Minis MENFP

Dimanch 16 avril 2023