Pòtoprens 11 me 2023.- Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyònel (MENFP) salye tout anseyan nan lekòl piblik yo ki kontinye akonpaye timoun yo nan peryòd difisil peyi a ap travèse koulye a.

MENFP souliye Gouvènman Repiblik la gen tan fè anpil jefò pou pèmèt anseyan ki sou bidjè touche pi bonè ki se youn nan prensipal revandikasyon yo te genyen. Konsa, tout anseyan gen tan touche mwa avril 2023 a nan 10 depatman peyi a. MENFP envite anseyan ki touche yo al bay sèvis nan lekòl Leta yo kote y ap travay la.

Pou lòt revandikasyon anseyan yo, MENFP ap kontinye dyalòg la ak sendika anseyan yo pou nou jwenn ansanm kouman nou ka rezoud plizyè pwoblèm, jan sa posib, swivan resous ak posibilite peyi bay nan bidjè a.

Nan sans sa a, MENFP tabli yon kalandriye rankont avèk tout aktè yo, ansanm oubyen an patikilye, pou nou vanse ansanm sou diskisyon sou kaye revandikasyon anseyan yo.

MENFP konte sou sans responsabilite chak aktè sendikal, chak anseyan, pou yo pwoteje enterè yo, men tou pou yo sonje enterè elèv yo ki pral nan egzamen nan anviwon 8 semèn.

Se poutètsa, MENFP enfòme gen plizyè pwofesè titilè ak anseyan estajyè ki pral koumanse bay kou nan plizyè lekòl nan 10 depatman an, jan sa te anonse, pou ede elèv yo prepare egzamen yo avèk kou akselere konpansasyon aprantisaj (kou ratrapaj).

MENFP konte sou konpreyansyon anseyan yo, pandan y ap defann enterè yo, pou yo pote sipò yo bay elèv yo ki bezwen prepare egzamen yo.

Biwo Kominikasyon MENFP

—————————————————————————

Les chèques de salaire du mois d’avril 2023 déjà distribués dans les 10 départements du pays et le dialogue social se poursuit

Le Ministère de l’Education Nationale et de la Formation Professionnelle (MENFP) salue tous les enseignants des écoles publiques qui continuent d’accompagner les enfants, malgré la période difficile que traverse actuellement le pays.

Le MENFP souligne que le Gouvernement de la République a fait de gros efforts en vue de permettre aux enseignants émargés sur le budget de la République de recevoir leur salaire mensuel dans un délai raisonnable. Il s’agit de l’une des principales revendications des syndicats d’enseignants.

Ainsi, tous les chèques de salaire du mois d’avril 2023 ont déjà été distribués dans les 10 départements du pays. Le MENFP invite les enseignants qui ont reçu leurs émoluments à fournir le service pour lequel ils sont payés.

Pour les autres revendications des enseignants, le MENFP poursuit le dialogue avec tous les syndicats d’enseignants, individuellement et collectivement, en vue de trouver, ensemble, les solutions appropriées aux revendications des enseignants, suivant les ressources et les possibilités prévues dans le budget.

En ce sens, le MENFP prevoit un calendrier de rencontres avec les partenaires des syndicats afin de faire avancer les discussions autour du cahier de revendications des enseignants.

Le MENFP compte sur le sens de responsabilité de chaque acteur syndical, de chaque enseignant, pour protéger ses intérêts, mais aussi pour bien appréhender les intérêts des élèves qui doivent subir leurs examens d’Etat dans environ 8 semaines.

C’est d’ailleurs, en ce sens, que le MENFP a informé qu’il y a des professeurs titulaires (non encore nommés ou sur le point de l’être) et des enseignants stagiaires qui vont dispenser dans plusieurs écoles dans les 10 départements, comme annoncé, des cours accélérés de compensation d’apprentissage (cours de rattrapage) en vue d’aider les élèves à mieux préparer leurs examens.

Le MENFP compte sur la compréhension des enseignants qui, tout en tout en défendant leurs intérêts, doivent comprendre la nécessité d’accompagner les élèves qui vont subir leurs épreuves officielles.

Bureau de la Communication/MENFP