Pòtoprens 10 me 2023.- Senk jou anvan pwosesis enskripsyon an liy kandida pou egzamen ofisyèl 9yèm ane fondanmantal yo bout, ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl(MENFP) ankouraje tout responsab lekòl ki an reta pou yo fè sa prese prese. Yo dwe fè sa ak anpil dilijans, selon Kòdonatè Pòl apui a ki raple, yon lòt fwa ankò, platfòm ministè a bay posibilite pou tout lekòl ta kapab mennen operasyon sa a an menm tan.

Nan sans sa a, Renan Michel, ensiste anpil pou mande paran ak elèv yo pou yo chèche konnen kisa ki anpeche lekòl yo deklare tèt yo; men tou kisa ki anpeche yon lekòl ki jwenn otorizasyon pou pou li enskri elèv li yo pou egzamen ofisyèl 9yèm ane fondamantal yo poko janm deside fè sa jouk kounye a, tandiske se jou k ap konte pou pwosesis enskripsyon an bout lendi 15 me k ap vini la a.

Gen responsab lekòl ki jwenn otorizasyon depi 5, 10 oubyen 15 jou – aprè deklarasyon lekòl la -, pou yo fè enskripsyon an men ki pa fè sa san okenn rezon valab.

Se poutèt sa, pou tan ki rete a, Renan Michel, menm jan ak direktè ansèyman fondamantal la, Kendy Nicolas, mande tout kominote edikatif la – youn ankouraje lòt -, nan lide pou tout lekòl kapab reyalize operasyon sa a, e konsa enskri tout elèv ki dwe patisipe nan egzamen d Eta 9yèm ane fondamantal yo ki pwograme sòti 17 pou rive 19 jiyè 2023.

Pou kounye a gen plis pase 3 800 lekòl ki jwenn otorizasyon pou pou tanmen enskripsyon yo. Ladan yo gen 2 803 ki demare operasyon enskripsyon an, e sou 2803 a genyen 2 542 lekòl ki fini enskri tout elèv yo. Anplis lekòl ki kòmanse enskripsyon ki poko fini, genyen plis pase yon milye lekòl, malgre yo gen otorizasyon an, yo pa fè anyen ditou, suivan done reponsab ministè a te prezante nan okazyon konferans pou laprès sa a pou jodi mèkredi 9 me 2023 a.

Sou bò pa l, direktè depatmantal edikasyon nan lwès la, li menm tou ankouraje responsab lekòl yo ale pi vit ak pwosesis enskripsyon an. Etienne Louisseul France raple gen teknisyen ki disponib nan Biwo distri eskolè yo pou asiste tout responsab lekòl ki ta twouve difikilte nan travay sa a. Se menm dispozisyon yo ki toujou kenbe pou 9 lòt direksyon depatmantal yo.

Kanta pou kòdonate direksyon depatmantal edikasyon yo, li reprann mesaj minis Manigat ki te toujou deklare, nan kad operasyon sa a, ministè Edikasyon nasyonal p ap kite okenn lekòl dèyè. Men tou, fòk responsab lekòl la pa dòmi sou sa l ap fè.

Yon lòt kote, Jean Wilnor Pierre, bat bravo pou tout reponsab lekòl ki anbrase operasyon anrejistreman ak operasyon enskripsyon elèv yo avèk anpil angouman. Li rete kwè se yon nesesite pou ede sistèm edikatif la vanse nan kolekte done ki kredib e ki kapab ede pran pi bon desizyon ki nan enterè lekòl la.

Nan lide pou pèmèt tout moun, prensipalman paran yo ak elèv, yo kapab suiv dewoulman rès pwosesis enskripsyon an, otorite yo deside pibliye sou sit entènèt ministè a (www.menfp.gouv.ht) lis lekòl ki jwenn otorizasyon pou fè enskripsyon, lis lekòl k ap trennen pye toujou ak tout lòt dispozisyon yo pran yon fason pou kore operasyon an.

Li bon pou raple, apre pwolongasyon, anrejistreman lekòl yo ap bout 12 me e enskripsyon an liy kandida pou egzamen d Eta 9yèm ane fondamantal yo ap fèmen 15 me 2023.

Biwo kominikasyon MENFP