Potoprens, Jedi 22 jen 2023.- Direksyon jeneral Fon Nasyonal Edikasyon ap fè tout aktè ki nan sektè edikatif la ak tout popilasyon an konnen li peye tout pwofesè ki gen non yo enskri nan Pwogram Espesyal Edikasyon Gratis la (PROSGATE).

Pwogram sa a ki se youn nan potomitan travay Fon Nasyonal Edikasyon (FNE) peye frè lekòl pou

elèv epi peye salè pwofese kontraktyèl Ministè Ledikasyon nan tout peyi a. Chak ane. Pwogram sa a pran trant pou san (30%) nan bidje FNE. Plis pase set san milyon goud (700.000.000 goud) al jwenn pwofesé lekòl yo nan 10 depatman peyi a. Pandan 4 lane ki sot pase yo (2019 rive 2022). FNE envesti plis pase 3 milya goud (3.000.000.000 goud) pou peye pwofesé.

Fon Nasyonal Edikasyon ap raple tout moun Pwogram espesyal Edikasyon gratis la (PROSGATE) se

yon pwosesis ki gen plizye etap ladan I kote chak akté ki konsène nan chenn lan gen wòl pa li.

  1. Ministe Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonel (MENFP) siyen kontra ak manm pèsonèl anseyan yo;
  2. Tribinal ki kontwole tout lajan Leta epi ki regle tout kòz anplwaye Leta yo (CSC/CA) bay avi l sou kontra yo;
  3. MENFP voye lis moun ki sou kontra yo bay FNE;
  4. FNE avèk lis la ki gen kantite lajan ki pou peye, transfere lajan an bay Direksyon depatmantal
    Edikasyon yo ki responsab pou peye moun k ap bay sèvis yo tankou direkte lekòl, anseyan, gadyen, menaje, elatriye;
  5. Direksyon depatmantal Edikasyon yo voye rapò pèman yo bay MENFP ak FNE;
  6. FNE verifye si tout dokiman yo korèk avan li repati pou pèman yon lòt ane.

Jefò Fon Nasyonal Edikasyon ap fè yo montre angajman gouvènman an pran pou bay repons ak divès

pwoblèm k ap travèse sistèm edikatif la. FNE manifeste volonte I pou pote limyé sou move pawdl ak

konfizyon k ap sikile sou desizyon Leta ap pran san rete pou chanje sitiyasyon an.

« Ledikasyon n ap kore, lavni n ap asire »

-Fen-