Pòtoprens, 24 out 2023.- Pou yon twazyèm fwa, minis Nesmy Manigat vizite pandan jounen jedi 24 out la chantye rekonstriksyon lise Mari-Jàn nan Pòtoprens. Pandan vizit sa a, minis Edikasyon nasyonal la te gen ak li direktè jeneral Biwo Monetizasyon Pwogram Èd pour Developman yo (BMPAD, an fransè), Fils-Aimé Ignace Saint-Fleur.

Nan kad preparatif pou antre lekòl la, minis Nesmy Manigat te vle vin founi je gade kòman chantye a ap vanse pandan li te vle pwofite ankouraje teknisyen yo ale pi vit ak travay yo, yon fason pou elèv ak pèsonèl pedagojik lise a ta kapab demare ane akademik 2023-2024 la nan nouvo lokal sa a.

Nouvo lokal lise Mari-Jàn dwe fasilite bon jan deplwaman Segondè renove a. Li gen 3 batiman ki rasanble 8 sal klas, 4 sal pou laboratwa, 3 sal pou travo pratik ak lòt espas ki amenaje pou oditoryòm, administrasyon, sanitè. Lise a ap genyen yon tèren pou fè divès kalite espò.

Chak sal klas yo mezire 67, 5 mèt kare. Yo chak ap kapab akeyi 50 elèv.

Biwo kominikasuyon MENFP