Edikasyon/Patenarya/Bibliyotèk

15 desanm 2023.- Minis Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl ak responsab nèf mezon edisyon angaje yo atravè yon Pwotokòl antant kote yo pral travay ansanm pou kreye oubyen ranfòse bibliyotèk/medyatèk anndan lekòl yo, lekòl piblik tankou lekòl prive.

Se jodi jedi 14 desanm 2023 a minis Nesmy Manigat ak dirijan mezon edisyon sa yo siyen Pwotokòl sa a pandan yon seremoni ki te dewoule nan Petyonvil an prezans plizyè dizèn elèv, direktè jeneral ministè a, direktè jeneral FNE, direktè jeneral ONAPE, plizyè kòdonatè Pòl, kòdonatè ki anchaje kesyon atistik, kiltirèl ak espòtif yo, direktè teknik nan ministè a, reponsab asosyasyon paran ak pèsonèl mezon edisyon sa yo.

Pandan entèvansyon li te fè pou plase inisyativ sa a nan kontèks li, minis Nesmy Manigat te eksplike prensipal objektif li. Dabò, se fasilite plis timoun lekòl, kèlkeswa kote yo ye anndan peyi a, kapab gen aksè ak liv ki se yon sipò pou simaye konesans, ki fasilite savwa sikile e ki pèmèt lide boujonnen. Selon minis la, se yon nesesite pou anndan lekòl yo gen enfrastrikti tankou bibliyotèk/medyatèk ki fasilite travay sa a.

Inisyativ sa a vle tou ankouraje otè yo ak tout lòt pwofesyonèl ki nan domèn pwodiksyon ak distribisyon liv anndan peyi a. Konsa, sou chak 100 liv, Leta ap achte 80 aloske mezon edisyon yo ap fè kado 20, selon sa ki di atik 3.2 dokiman sa ki sele yon lòt fòm patenarya piblik/prive ki tradui volonte Leta pou li travay ak patnè nan sektè prive a pou devlope yon pwojè parèy.

Akote liv yo ki dwe disponib nan lekòl yo, toulede pati yo angaje yo pou kreye lòt aktivite ak liv e sou liv anndan bibliyotèk/medyatèk sa yo ; aktivite tankou atelye ekriti, atelye lekti, kozri ak otè yo, prezantasyon liv yo.

Selon minis Manigat, twazyèm objektif inisyativ sa a se soutni epi ankadre jenn fi ak jenn gason ki ta vle vin ekriven oubyen otè k ap ekri nan divès kalite domèn.

Pwojè sa k ap deplòtonnen pwogresivman rete ouvè ak tout lòt mezon edisyon oubyen lòt otè, selon sa minis Manigat de rapousuiv pou di pandan li fè konnen se atravè yon konbit konsa ki rive anndan lekòl yo n ap kapab ranfòse kapasite elèv yo pou yo fè pwogrè nan lekti ; sa ki kapab ede yo anpil anpil nan konpreyansyon tout lòt matyè yo, nan konpreyasyon kilti peyi a.