« 3 JOU MAKAYA » se yon aktivite k ap rasanble pwofesè, atizan, vodouyizan, etidyan, elatriye. Se yon woumble 3 jou pou selebre MAKAYA. Aktivite yo ap kòmanse depi 10è nan maten pou rive bout 4è nan aprèmidi.

« Peryòd Makaya tanmen depi 17 desanm pou fini 6 janvye lèwa. Makaya se te yon chèf mawon ki t ap dirije yon divizyon rebèl kont lesklavaj. Se te koumansman lame endijèn lan. Dènye rasanbleman li te fè a te dewoule nan lannuit 23 desanm 1756. Makaya te anonse arestasyon l ak kijan yo pral touye l, men l ap tounen yon gwo vonvon pou l ka libere. Li mande pou tout esklav yo kontinye pale verite e dwe vin moun kouwè kolon yo. Menm jan li te anonse sa a, lè yo arete l epi mete l nan doum pou li boule, yon gwo vonvon soti nan dife a.

Tout esklav yo te kriye jwaye makaya, jwaye makaya »

Nan selebrasyon sa a, Biwo Nasyonal Etnoloji ap tann tout moun alawonnbadè, bonè bonè jou mèkredi 20 e jedi 21 ak vandredi 23 desanm 2023. BNE ap pwofite swete tout moun yon Souke MAKAYA !