Jounen Entènasyonal Lang matènèl yo selebre chak 21 fevriye sou latè. Se yon desizyon Òganizasyon Nasyonzini pou Ledikasyon, Lasyans ak Lakilti (UNESCO) te pran nan lide pou ankouraje divèsite lengwistik ak kiltirèl ansanm ak plizyè lang.

Nan gwo jounen selebrasyon sila, Ministè Lakilti ak Kominikasyon (MCC) salye byen fò UNESCO pou desizyon sa kap ogmante konsyans sou enpòtans lang matènèl nan prezève divèsite kiltirèl yo.

Nan kad jounen selebrasyon a, MCC bat bravo lakontantman pou gwo desizyon Ministè Ledikasyon ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) pran pou mete Kreyòl kòm matyè obligatwa depi nan preskolè rive nan egzamen bakaloreya. Yon desizyon ki jwenn tout sipò Chèf Gouvènman an, Dr Ariel Henry.

MCC kwè lang kreyòl la se youn nan zouti kapital pou devlopman peyi a. Ministè Lakilti ak Kominikasyon pwofite tou pou salye travay Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) ap fè pou pèmèt lang Kreyòl la gen pwòp règ ak prensip li.
-FEN-