Edikasyon/Kreyòl

21 fevriye 2024.- Anba lobedyans Inivèsite Leta Ayiti a ak Akademi Kreyòl Ayisyen an, plizyè lòt enstitisyon tankou ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl (MENFP), Fakilte Dwa ak Syans ekonomik, Fakilte Lenguistik aplike, Ofis pwoteksyon sitwayen, Lekòl majistrati te mete ansanm pou selebre jodi mekredi 21 fevriye 2024 la Jounen entènasyonal lang manman.

Aktivite sa a te dewoule nan sal konferans rektora Inivèsite Leta Ayiti a an prezans reponsab tout enstitisyon ki site pi wo yo, men tou an prezans responsab plizyè lòt enstitisyon ak plizyè dizèn etidyan ki soti nan kèk antite nan Inivèsite Leta Ayiti a.

Si UNESCO te chwazi yon tèm entènasyonal pou selebre jounen an, men aktivite yo te dewoule anba tèm nasyonal sa a : “Lang manman : kreyòl nan lajistis”. Se yon tèm ki bay eko ak youn nan moman fò jounen ki se lansman ‘’ Chè : lang kreyol nan lajistis”.

Pou minis Edikasyon nasyonal la ki t ap pale nan non pa l ak nan non kolèg li nan lajistis, Emmelie Prophète, se yon kokenn chenn desizyon. Selon minis Nesmy Manigat, li te lè, li te tan pou enstisyon ki konsène yo te pran yon desizyon parèy, sitou lè li konsidere majorite jistisyab yo pa toujou konprann kisa tèks lwa yo di, kisa ki di nan dewoulman jijman yo, kisa ki di nan pwosedi yo, e menm lè lajistis kondane yo, yo pa toujou konprann sou kisa kondanasyon sa yo chita.

Daprè minis Manigat, konsiderasyon ki fèt pou lajistis la dwe fèt pou tout lòt sektè aktivite anndan peyi a paske tout Ayisyen bezwen konnen e konprann tout sa k ap fèt nan peyi a. Se sèl kreyòl la, lang ki simante tout Ayisyen ki kapab fè sa a.

Pandan entèvansyon li an, minis Manigat te pwofite raple tout jefò ministè Edikasyon nasyonal ap fè dènye ane sa yo pou fasilite lang kreyòl ayisyen an chita, byen chita, pi plis chak jou anndan lekòl yo. Minis la te mansyone distribisyon plis pase yon milyon « Liv inik an kreyòl ayisyen » pou klas premye ak dezyèm ane fondamantal atravè dis Direksyon depatmantal edikasyon yo (DDE). Se nan menm sans sa a, ministè ap travay pou rann disponib nan lekòl piblik tankou lekòl prive plis pase yon milyon « Liv inik an kreyòl ayisyen » pou klas twazyèm ak katriyèm ane fondamantal.

Minis Manigat anonse, nan okazyon an, « Liv inik nimerik » pou klas premye ak dezyèm ane fondamantal la pare. Nan kad yon eksperyans pilòt, ministè a anvizaje distribiye pou lane 2024-2025 la dimil tablèt nimerik avèk tout kontni pou de klas sa yo.

Toujou nan lide pou kontinye ankouraje lang kreyòl la layite kò l anndan sistèm edikatif la, minis Manigat anonse, nan tèt kole avèk Fon nasyonal Edikasyon (FNE), yon akonpayman finansye pou tout etidyan ki ta deside ekri memwa pou lisans, metriz oubyen tèz doktora yo an kreyòl. Pou piti, etidyan sa yo ap benefisye 500 mil goud pou soutni yo nan travay sa a.

Nan ki sa ki gen pou wè ak ‘’Chè : lang kreyòl nan lajistis“, dwayen Fakilte Dwa ak Syans ekonomik la te bay detay sou enpòtans chè sa a e fason li pral kontribiye nan fòmasyon avoka, jij, uisye, notè, etidyan, elatriye. Mèt Eugène Pierre-Louis te ranfòse pledwari li a lè li ekspoze nesesite pou tout Ayisyen, tout Ayisyèn jwenn tout sèvis piblik yo an kreyòl pandan li fè konnen youn nan gwo travay k ap gen pou fèt nan kad chè sa a se kòmanse tradui an kreyòl lwa yo ak kòd lwa yo.

Rektè Inivèsite Leta Ayiti a salye inisyativ pou lanse ‘’Chè : lang kreyol nan lajistis“. Pwofesè Fritz Deshommes konplimante tout antite tankou Lekòl majistrati, Ofis pwoteksyon sitwayen, Akademi Kreyòl Ayisyen, Fakilte Lenguistik aplike, Fakilte Dwa ak Syans ekonomik ak tout lòt antite yo ki te travay ansanm sou kreyasyon Chè espesyal sa a sou kesyon « entegrasyon lang kreyòl la nan la jistis ».

« Pou selebrasyon 24èm Jounen entènasyonal lang manman, Akademi Kreyòl Ayisyen chwazi kòm tèm: “Lang manman: kreyòl nan lajistis”. Tèm sa a genyen tout sans li sitou lè nou konsidere lang manman nou an poko jwenn plas li merite a nan branch lajistis la kòmsadwa. E se pou sa, nou kwè jounen 21 fevriye sa a se yon jou istorik kote plizyè enstitisyon mete ansanm pou yo : kore inisyativ Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik (FDSE) nan Inivèsite Leta Ayiti a pran pou li kreye yon Chè Kreyòl. Nou nan ane 2024 ki make 10èm lane egzistans enstitisyon an. 10 an apre kreyasyon AKA, se yon lonè pou li patisipe nan kalite pwogrè evènman sila kòm yon siy yon gran pa annavan nan konba n ap mennen pou lang manman nou an. Lòt pwen enpòtan ki merite nou dwe siyale : se yon inisyativ ki dwe pèmèt peyi a gen yon Fakilte Dwa kote yo ap fòme moun ki gen kòm prensipal misyon travay pou yo amelyore lajistis, respè dwa moun, elatriye. Nan sans sa a, nou dwe sonje : pa ka gen respè dwa moun san respè dwa lengwistik popilasyon an », se apresyasyon, sous kesyon, Rosilia François Corneille, vis-prezidan Akademi Kreyol Ayisyen an.

Dezyèm moman fò nan aktivite sa a se te prezantasyon rezilta konkou tradiksyon « Ak Endepandans peyi a » ak Diskou Jean-Jacques Dessalines te pwononse premye janvye 1804 nan Gonayiv. Se rektora Inivèsite Leta Ayiti a ak Akademi Kreyòl Ayisyen an ki te òganize konkou sa a.

Rektè Fritz Deshommes salye etidyan ki ranpòte senk premye pri yo, men tou tout etidyan ki te patisipe nan konkou sa a. Pwofesè Deshommes estime aktivite tradiksyon de gwo dokiman istorik sa yo se te okazyon pou etidyan yo « dekouvri tout siyifikasyon, tout enpak endepandans peyi nou an te genyen sou lavi pèp d Ayiti ak lavi tout pèp sou latè, tout sakrifis papa ak manman nasyon an te konsanti, kalite eritaj yo kite pou nou epi obligasyon nou genyen pou n pran swen l, pou n pwoteje l, pou n pa gaspiye l, pou n defann li, pou n fe l grandi pou noumenm, pou vwazen nou ak pou tout limanite ».

Pou vis-prezidan AKA, « Konkou sa a te yon okazyon pou anpil etidyan ak lòt moun te pran konesans ak tèks fondatè Leta Ayiti a, men, li te pèmèt nou dekouvri kouman 220 lane apre, kouman jenn inivèsitè ayisyen yo te kapte ak entèprete lespri ki dèyè dokiman fondalnatal sa yo. Yon lòt fwa ankò, nou salye travay Inivèsite Leta Ayisyen an ap fè pou li kore travay pwomosyon k ap fèt, travay pwomosyon anpil enstitisyon ap fè, pou lang kreyòl la jwenn plas pa li a nan sosyete peyi Ayiti nan kòmansman 21èm syèk sa a ». Rosilia François Corneille, raple « nou dwe toujou gade byen wo sa nou reprezante nan listwa. Epi, toujou sonje, yon peyi se anvan tout bagay lang li, idantite li, kilti li ki se fondman li ».

Se 54 etidyan ki soti nan 13 antite nan Inivèsite Leta Ayiti a ki te patisipe nan konkou sa. Gen 20 ladan yo ki te franchi premye faz redaksyon an pou patisipe nan faz deklamasyon an. Sou 20 etidyan sa yo, senk ladan yo ranpòte lamayòl :

  1. Esaih Jean Ernest Belance (FLA, premye pri) ;
  2. Nissi Gabriella Jean (FLA, dezyèm pri) ;
  3. Anne Lennie Jean-Baptiste (IERAH, twazyèm pri) ;
  4. Lewis Parisien (FAMV, katriyèm pri) ;
  5. Fatsenky Saint-Pierre (FLA, senkyèm pri).

Biwo kominikasyon MENFP