Nan Kad jefò k ap fèt pou ankouraje, devlope ak valorize itilizasyon lang kreyol, epi nan okazyon selebrasyon Jounen entènasyonal lang matènel 2024 la, ak jan sa di nan Arete ki kreye Fon Nasyonal Edikasyon (FNE) an, nan atik 28, ki mande pou finanse aktivite ansèyman siperyè ak rechèch syantifik, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonel (MENFP) ap anonse piblik la, sitou manb kominote edikativ la, li deside mete sou pye yon finansman pou kore pwodiksyon nan lang kreyòl ki rele “Soutyen pou Kreyolofoni Syantifik”.

Finansman sa a dwe ede nan pwomosyon, devlopman, valorizasyon ak itilizasyon lang kreyòl la. Anplis FNE, tout lòt aktè ak enstitisyon ki vle pote bourad pa yo, ka kontribye nan pote sipò pa yo bay lang kreyòl la.

Se Komisyon Nasyonal Syans, Teknoloji ak Inovasyon (KONASTI), ki te kreye nan dat 29 jiye 2022, ki gen manda pou travay sou mizannèv finansman sa a. “Soutyen pou Kreyolofoni Syantifik” lan dwe favorize :

  •   Finansman chèchè endividyel, ekip rechèch ou oganizasyon k ap travay pou devlopman lang kreyòl la ;
  •   Patisipasyon nan ankadreman pèsonel akademik ak syantifik k ap anseye, devlope ou fè pwomosyon lang kreyòl;
  •   Patisipasyon nan rezo ak pwogram entènasyonal kreyolofoni ;
  •   Bous d etid ki ankouraje rechech ak echanj syantifik nan lang kreyol ;
  •   Pri syantifik pou ankouraje pwodiksyon nan lang kreyol tankou memwa lisans, metriz ak tèz doktora.

MENFP, nan tèt kole ak Fon Nasyonal Edikasyon (FNE), ap demare ak yon dotasyon inisyal finansman sa a. Lajan sa a pral pèmèt finanse aktivite ki prevwa yo, tankou rekonpanse etidyan ki pwodui yon memwa ou tèz nan lang kreyòl. 

Pri syantifik endividyel sa a ap komanse ak senk san mil goud, dapre Kritè KONASTI dwe fikse ki dwe baze sou ekselans akademik nan redaksyon travay la, pètinans sijè a pou transfòmasyon Ayiti, kontribisyon nan avansman konesans nan domèn nan ak tout lòt krité ki nesesè. MENFP konte sou kalaborasyon tout akte pou kore inisyativ sila a.

Nesmy MANIGAT

Minis