Mesye dam, frèm ak sem yo, Fanm Dayiti, se avek anpil lapenn, kè sere m ap adrese m ak nou jodi a,nan okazyon Jounen Enténasyonal Dwa Fanm yo. Moran anmè tankou fyel sa a lakoz tout fanm, tout manman ak 7 kout kod nan ren telman sitiyasyon an difisil.

Gwo dat sa a, tankou sa toujou fèt chak ane, se yon moman pou n mete aksan sou anpil aksyon ki pèmet fanm reyalize tèt yo, epi ki fè de yo yon bann jeni san parey,sitwayen konsistan k ap fè sosyete a avanse nan tout domèn nan lavi nasyonal la. Kidonk, jounen sa a ofri tou posiblite pou tout akte a aktris yo gade pi devan nan objektif pou yo adopte nouvo mezi ki vize pwoteje dwa fanm ah tifi.

Mwen menm Kòm Minis Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm, nan Jounen Entènasyonal Dwa Fanm sa a, mwen salye kokenn chenn travay tout fanm ak tifi kelkeswa ran sosyal yo, kelkeswa kote yo ye nan peyi a.

Depi kèk tan, n ap viv yon sitiyasyon ki difisil anpil, kote ensekirite ak divès kalte krim ap boulvèse sosyete a. Konsa, gang ame detwi byen, piye boule, vòle, vyole fanm a tifi, epi touye manm popilasyon an. 

Sitiyasyon vyolans sa a ki gen gwo konsekans sou fanm yo, fòse manm nan popilasyon an kouri kite katye yo pou ale pran refij kay yon fanmi k ap viv nan yon lòt katye plizoumwen “trankil” oswa sou plas piblik ak nan lekol ak/oswa nan legliz. Se fanm ak tifi ki plis viktim nan mouman sa a yo.

Jodi a, nou pa dwe rete selman ap plenyen. Nou dwe pran pwoblèm nou ak 2 men epi batay kòt a kòt pou n chèche solisyon.Nan okazyon Jounen Entènasyonal Dwa Fanm sa a, nou dwe pran angajman pou nou aji vit.

E se pou rezon sa nou kwè li te enpotan anpil pou n oryante selebrasyon ane sa a anba tèm nasyonal la ki se: «Envesti nan ledikasyon ak fòmasyon fanm,se bay sosyete a yon lot avni.»

Tèm nasyonal sa a se yon konsekans tem entènasyonal la ki se:«Envesti nan fanm: akselere vitès la. » Tèm ane sa a mete aksan sou wòl enpotan edikasyon ak fòmasyon ka

jwe nan lavni fanm ak tifi. 2 fakté sa yo reprezante engredyan ki nesesè k ap pemet fanm ak tifi yo kontrekare diskriminasyon y ap sibi nan sosyete a. Nan sans sa a, mwen envite tout manm ki fome gwo fanmi ayisyen an, kit se Leta, sosyete sivil la, pati politil yo, oganizasyon sosyo kiltirel ak relijye yo ak tout aparèy ideolojik repiblik la, pou yo fè gwo jefò yon mannyè pou rekonsilye peyi a ak tét li.

Nou pa gen lòt chwa, sinon nou tout pral mouri. Pandan n ap medite ansanm sou jounen Entenasyonal Dwa Fanm yo, m ap fè yon apèl ak lidè fanm yo toupatou nan peyi a pou yo jwe wòl yo komsadwa nan travay pou lapè ak sekirite retabli nan dives kalte kriz n ap sibi depi kèk tan nan peyi a. Li nesese anpil pou n jwe lidèchip nou, kom reprezantan plis pase 50% nan popilasyon nasyonal la.

Se yon obligasyon pou fanm yo pozisyone tèt yo kòm ouvriyèz lapè. Se yon obligasyon tou ki gen rapò ak Rezolisyon 1325 Konsey Sekirite Nasyonzini ki te pran nan lane 2000.

Mesye dam, frem ak ser yo, Fanm Dayiti mwen vle fini mesaj mwen an pandan m ap ankouraje nou kenbe tèt ansanm nan moman difisil sa a nasyon an ap travèse a. Solidarite,

konpreyansyon, inyon se, jiskaprezan, pi bon opsyon pou lapè sosyal tabli nan peyi a. Li lè pou nou mete bout nan diskisyon, chire pit ak divizyon.

Lè a rive pou n kole zepòl, fè tèt kole pou n brase lide ansanm poun n sove peyi nou an. Se pou sa, mwen ankouraje fanm yo pou yo kontinye etabli nouvo estrateji ki ka mennen nan emansipayon yo, pou pèmèt yo reyalize objektif endividyel yo ak kolektif yo, pou elimine povrete epi rive tabli yon kwasans ekonomik pou tout moun.

VIV NASYON AYISYÈN AN!

VIV FANM AYISYÈN!

Mèsi anpil.