Ministè Kominikasyon envite laprès nan konferans li bay chak semèn yo «Lendi Laprès», jou lendi k ap 2 oktòb 2017 la, a 9è: 45 nan maten, nan lokal Ministè a ki chita nan # 23, Avni Lamatinyè (Bwa Vèna).

Nan konferans pou laprès sa a, Ministè Kominikasyon ap resevwa Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA) pou lansman ofisyèl mwa lang ak kilti kreyòl la.

« Jèn yo, an nou sèvi ak lang nou tout kote san baboukèt ! », se sou tèm sila a, Akademi an ap selebre mwa lang ak kilti kreyòl la ane sa a. Pandan konferans pou laprès sa a, AKA ap pwofite anonse tout aktivite li menm ak enstitisyon patnè l yo ap gen pou òganize tout kote nan peyi Dayiti ak aletranje.

Ministè Kominikasyon konte sou prezans manm Laprès yo pandan l ap mande yo pou yo sou plas nan lè ki fikse a.

Konferans « Lendi Laprès » # 17 la ap an dirèk sou Radio Nationale d’Haïti (RNH) (Radyo Nasyonal Ayiti), Télévision Nationale d’Haïti (TNH), (Televizyon Nasyonal Ayiti) ak sou plizyè platfòm rezo sosyal.