Ouragan Irma (Ima): Patisipasyon Minis Ayisyen k ap viv lòtbò dlo yo, Madam Stéphanie Auguste (Estefani Ogis) nan Premye Konferans pou laprès nan jounen jedi sèt 7 septanm 2017 la

Pòtoprens 7 septanm 2017-. Minis Ayisyen k ap viv lòtbò dlo yo, Madam Stéphanie Auguste (Estefani Ogis) voye senpati li bay tout Ayisyen k ap viv nan ti zile siklòn nan deja ravaje yo. Li mande Ayisyen sa yo mete tèt yo ansanm pou yo ka rive soti byen nan moman difisil sa a. Sila yo k ap viv nan Florid dwe prepare yo pou fè fas kare ak Ima ki gen pou rive sou yo touswit.

Gen Selil enfòmasyon ijans ki mete kanpe nan Ministè a pou pèmèt gouvènman an vanse pi byen nan objektif zewo mò a. Moun k ap viv deyò peyi a dwe sansibilize fanmi yo k ap viv an Ayiti pou yo pa fè tèt di. Dyaspora ki ta bloke an Ayiti epi ki ta bezwen akonpayman ka rele nan nimewo sa a : 4000 0040.