Ouragan Irma (Ima): Entèvansyon Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la nan Premye Konferans pou laprès nan jounen jedi sèt (7) septanm 2017 la, lakay Premye Minis la, sou siklòn Ima ki ka pase nan peyi a.

Se entèvansyon Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la ki te mete bout nan konferans sa a kote manm estrikti sa a te lanse yon mesaj pou mande popilasyon an rete tèt frèt epi fè solidarite ak vwazinaj. Gen yon apèl ki lanse tou bay legliz yo, peristil yo, òganizasyon yo, pou yo pote sekou bay moun ki ta gen pwoblèm. Tout operatè pwa lou yo, traktè yo ak tout fonksyonè piblik yo dwe mete yo disponib pou bay sèvis yo.

Depo manje yo gentan disponib nan tout depatman siklòn nan gen pou l frape yo epi lapolis gentan pran tout dispozisyon pou ba yo sekirite. Yon kantite lajan soti 300 rive 500 mil Goud deja disponib sou kont chak meri, yon mannyè pou yo ka fè jere premye ijans yo. Nan nivo lapolis, tout dispozisyon gentan pran : prizonye deplase, jefò fèt pou kominikasyon pa koupe ak okenn ti kwen nan peyi a.