Gras ak lidèchip Prezidan Repiblik la Ekselans Jovenel Moïse, pwogram sosyal ki la pou amelyore kondisyon lavi pèp ayisyen, ki te kanpe sou gouvènman tranzisyon an pral relanse, repanse e menm korije si sa ta parèt nesesè.

Aprè lansman Ti Manman cheri , ki se youn nan 6 pwojè sosyal Kore Pèp yo, 18 dawout pase a, Fon asistans ekonomik ak sosyal (FAES), lanse anrejistreman pou manman yo nan Ti Rivyè Latibonit, vandredi 15 septanm 2017 la.

Pwogram sa vize sibvansyone plis pase 120 mil manman, ki gen youn oubyen plizyè pitit , nan yon lekòl nasyonal oubyen kominotè nan peyi a.

Nan kad pwojè sila, direktè lekòl yo, akonpanye ak yon ajan nan pwojè a, ap gen pou rankontre manman yo, anrejistre yo epi prepare yon kalandriye pou pèmèt yo jwenn sibvansyon an nan moman antre lekòl, pou Nwèl, pou Pak ak pandan fèt manman.

Prezidan Repiblik la Ekselans Jovenel Moïse, detèmine poul akonpanye moun ki pi fèb e ki nan plis bezwen yo, espeyalman medam yo ak timoun piti yo.

Finisman