Pòtoprens, lendi 29 janvye 2018.- Prezidan Repiblik la, Ekselans Jovenel Moïse, ki te gen ak li Premye Minis lan Dr Jack Guy Lafontan, Minis Travo Piblik, Transpò, Kominikasyon an Enjenyè Fritz Caillot ak Delege depatmantal Lwès la, Joseph Pierre Richard Duplan, louvri wout Bòlòs la a sikilasyon, lendi 29 janvye 2018 la, byen ta nan aswè.

Wout sa ki te reprezante yon danje, ni pou sikilasyon, ni pou sante moun kap frekante l yo, te nan yon eta deplorab, avan Ekselans Jovenel Moïse te rive sou pouvwa a.

Kokenn chenn travay pou mete beton epi bay dlo a espas poul pase sa, pral amelyore trajè Pòtoprens / Kafou a; fasilite sikilasyon moun ak byen epi pèmèt moun kap mennen aktivite nan zòn sila , sa ki pral lekòl oubyen nan travay sispann mache nan dlo sal ak labou.

A travè jès sa Prezidan Jovenel Moïse montre aklè volonte l genyen pou pèmèt chak grenn Ayisyen viv epi fonksyone nan yon espas ki respekte dinite l kòm moun.

An atandan Karavàn Chanjman an rive nan tout peyi a 7 fevriye kap vini la, Chèf Leta a ap travay lajounen kou lannwit, pou chanje kondisyon lavi konpatriyòt li yo, nan chak aksyon lap poze.

*FINISMAN*