Pòtoprens, madi 24 avril 2018.- Travay konstriksyon wout prensipal Beladè a, Boulva Léon Dumarsais Estimé a nan depatman Sant peyi a, ap vanse.

Boulva Léon Dumarsais Estimé a, ki pral vin pi gwo boulva peyi a, se yon inisyativ Ekselans Jovenel Moïse, pou rann omaj a ansyen Prezidan Léon Dumarsais Estimé, ki gen orijin li nan Plato Santral.

Konstriksyon Boulva Léon Dumarsais Estimé a, se konkretizasyon pwomès, Chèf Leta a te fè popilasyon Beladè a 9 mas pase a. Pandan lap onore memwa gwo potorik gason sa ki te sèvi peyi a, Prezidan Jovenel Moïse ap kreye kondisyon pou fasilite sikilasyon popilasyon Beladè a, gras ak deplwaman Karavàn Chanjman an nan zòn nan.

Anba lidèchip Chèf Leta a, Boulvwa Léon Dumarsais Estimé a ap swiv tout etap sa mande, nan lide pou l ka respekte tout nòm ak prensip ki etabli nan zafè wout , yon mannyè pou lajan taks pèp Ayisyen an pa depanse pou bontan. Aprè anviwon 15 mwa pouvwa, se toujou grès kochon an kap kwit kochon an.

FINISMAN