Pòtoprens, vandredi 31 jiyè 2020.- Pandan Tanpèt Twopikal Isaias deja kite kòt Nò Dominikani pou dirije l Naso, Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil mande popilasyon nan tout 10 depatman peyi a, sitou moun ki rete nan zòn malè pandye yo, pou kontinye rete veyatif.

Se vre sant siklòn nan pase nan lanmè sou kòt Nò Ayiti, men sa pa anpeche li kontinye lakòz lapli nan tout depatman yo pandan nwit la pou rive demen vandredi 31 jiyè. Van k ap soufle ak bon kou lapli k ap tonbe gentan lakòz larivyè gonfle, kay dekouvri, jaden kraze plizyè kote nan peyi a, sitou nan depatman Grandans, Nip, Nòdwès, Sid ak Sidès.

Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil mande tout moun, fanm kou gason, timoun kou granmoun, toujou pran anpil prekosyon epi kontinye respekte konsiy sekirite yo parapòta inondasyon – sitou inondasyon bridsoukou – deboulonnay tè, glisman teren ak move kondisyon lanmè.

Si otorite yo mande w evakye oswa si w santi ou menm lavi w oubyen sante w menase, deplase ansanm ak fanmi w ale yon kote ki pi asire, pandan n ap pwoteje tèt n ou. Pinga travèse pou kwakseswa dlo k ap desann, pa fè l ni apye, ni sou bèt, ni a moto, ni sou bekàn, ni nan machin. Si w te nan lari epi ou wè gwo dlo kòmanse monte pi devan, pito w kase tèt tounen, menm si w nan machin. Yon dlo wotè yon ti chèz ba k ap desann deja twòp pou bwote yon ti machin ale.

Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil ap kontinye swiv jan sitiyasyon an ap evolye epi li garanti popilasyon an l ap kontinye kanpe bò kote l nan bon tan tankou nan sitiyasyon difisil yo.