2 Desanm 2022 sa a fè egzakteman 250 lane depi Catherine Flon ki fanm Akayè , te make nan yon dimansyon istorik pasaj li nan listwa batay pou lendepandans peyi Dayiti, lè li te koud 18 me 1803 premye drapo ki  akouche premye pèp nwa lib nan mond lan.

Chak moun ki fèt nan mond lan dwe gen yon dokiman legal klè ki konfime idante ak rasin kote li soti. Se menm jan pou yon peyi, drapo rete yon senbòl vivan ki pwouve nan je lemond antye ke nanchon sa li granmoun tèt li osinon li voye yon siyal rezistans kanpe Iwen klè kou dlo kòk bay tout fòs ki depaman ak goumen lap menmen pou libète l.

Jodi 2 Desanm sa, se yon jou istorik ki merite pou nou koube nou byen ba poun remesye e salye jefò fanm vanyan sa Catherine Flon ki se yon egzanp klè nan kouman fanm kontribiye nan lendepandans peyi a. Yon batay ki kontinye jis jounen jodi a travè lòt fanm pou yon sosyete kote chak moun gen plas yo san diskriminasyon.

Aksyon Catherine Flon te poze a pwouve aklè lidèchip fanm yo pat janm nan dòmi, ni nan kabicha depi se pou poze kelkeswa aksyon pou wete grif fòs kolonyalis yo sou bout tè sa, epi nou paka konte kantite fanm vanyan ki te mare senti yo, twouse kako yo pou yo te antre tout longè sou dives fòm nan batay pou lendepans nou.

Nan moman difisil nap viv nan peyi a la, nou bezwen chak ayisyen pran konsyans epi angaje tèt yo pou yo tounen yon Catherine Flon pou ansanm nou rekoud drapo linite a ak zegwi lanmou youn pou lòt ki file ak fil viv ansanm lan pou Ayiti kanpe ankò.

Nou paka pa salye bèl inisyativ sa kise fwi travay divès aktè, spesyalis lakilti , leta Ayisyen, spesyalman Biwo Delegasyon Pèmanan Ayiti nan UNESCO pou kokennchenn premye pa sa men ki pa yon dènye kote Ayiti resi gen yon dat anivèsè ki antre nan rejis mondyal UNESCO.

Nou salye yon fason spesyal ministè Kilti ak kominikasyon k ap fè yon seri pou valorizasyon gwo kokenn chenn fanm sa a ki se Catherine Flon.

Nan jounen istorik sa, nou pwofite voye limyè pou tout ayisyen konsekan spesyalman bay tout vodouyizan ak sosyete sivil nan Akayè ki nan yon jès sep, men chaje ak enèji pozitif deside make jou sa e nou rete kwè sil kontinye lap anpil toujou ka soti la nan enterè nou tout ayisyen.

Biwo Nasyonal Etnoloji, Laboratwa Syans Pèp la, angaje l pou l kontinye travay men nan men ak tout entitisyon piblik, prive, Òganism entènasyonal ak nasyonal yo pou ansanm nou kontinye batay pou n rejewnn fyète ak idantite kiltirèl nou kòm MANMAN LIBÈTE mond lan.

Malgre kontèks la difisil epi li pa pèmèt nou selebre jou sa nan tout dimansyon gran FANM sa ta mande l men nou ankouraje tout moun make jou sa nan fason yo kapab.

Bon 250 lane nan lanmou , limyè ak viv anasanm.

Mèsi ankò Manzè Catherine Flon!!!


Erol JOSUE,

Direktè Jeneral Biwo Nasyonal Etnoloji