Pòtoprens, vandredi 23 jen 2023.-Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil mande maren, amatè ak kaptenn bato, péchè, operatè kabotaj, plezansye ak lòt moun ki konn pran lanmè, pou yo kanpe sou aktivite lanmè yo nan kot Sid peyi a, jiska nouvèlòd.

Apati jodi vandredi 23 jen 2023 a, Sèvis Maritim ak Navigasyon Ayiti (#Semanah) mete entèdiksyon sou tout aktivite sou lanmè a, sitou vwayaj ak operasyon kabotaj, sou tout kot Sid peyi jiska nouvèlòd.

An menm tan, pandan Tanpèt Twopikal Bret ap dirije l sou #Lababad, nan mitan jounen an, Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil ap mande popilasyon nan tout 10 depatman peyi a, sitou moun ki rete nan zòn malè pandye yo, tankou bò lanmè, bò rivyè, bò ravin, nan flan mòn, pou kontinye rete veyatif.

Se vre sant siklòn nan ap pase sou lanmè lwen kòt Sid Ayiti, men sa p ap anpeche li lakòz lapli sou peyi a sitou nan depatman Sid pandan finisman semenn nan.

Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil mande tout moun, fanm kou gason, timoun kou granmoun, toujou pran anpil prekosyon epi kontinye respekte konsiy sekirite yo parapòta inondasyon – sitou inondasyon bridsoukou – deboulonnay tè, glisman teren ak move kondisyon lanmè. 

Ansanm ak Inite Idwometeyowolojik Ayiti, Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil ap kontinye swiv jan sitiyasyon an ap evolye epi li garanti popilasyon an l ap rete kanpe bò kote li nan bon tan tankou nan sitiyasyon difisil yo.

                                                                            -FINISMAN-