Nan kad inisyativ k ap pran pou prepare rantre lekòl la ak jere ane akademik 2023-2024 la, e sitou jwenn solisyon sou dosye lekòl ki sèvi abri pwovizwa pou deplase yo nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan ak lòt kote nan peyi a, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) ap enfòme piblik la, sitou kominote edikatif la, li mete kanpe yon komisyon pou jere enplikasyon dosye sa a nan sistèm edikatif la.

Komisyon sa a, ki gen ladann kad direksyon teknik ak direksyon depatmantal ministè a, dwe fè ankèt e bay rapò sou kantite timoun lekòl ak anseyan ki deplase ak kantite lekòl ki sèvi abri provizwa. Komisyon sa a gen pou fè pwopozisyon pou twouve altènativ pou pèmèt repriz aktivite lekòl la nan sant eskolè ki sèvi pou abri pwovizwa yo.

Pou koulye a, MENFP idantifye 12 lekòl ki sèvi abri pwovizwa nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan. 8 ladan yo se lekòl Leta. Sa deja fè anviwon 150 sal klas ki riske ajoute sou sa ki pa disponib pou rantre lekòl 11 septanm nan.

Yon lòt fwa ankò, MENFP renouvle solidarite l bay paran elèv yo ak tout kominote edikatif la nan moman difisil sa yo, pou sakrifis yo toujou fè pou pòt lekòl nan katye pa yo rete louvri.

MENFP konte sou kolaborasyon tout aktè yo ak patnè l yo pou Dwa pou lavi ak Dwa pou ledikasyon timoun yo respekte nan kelkeswa sikonstans lan.

Biwo Kominikasyon MENFP