Edikasyon/Ijans/Premye sekou

20 oktòb 2023.- Ministè edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) demare, jounen vandredi 20 oktòb 2023 a, nan tèt kole ak Inite mobil premye sekou-Sèvis ijans medikal sou moto [nan lang franse « Unité mobile de premiers secours-Service d’urgence medical motorisé » (UMPS-SUMMOC)], pwogram 2023-2024 pou fòmasyon elèv sou jès ki ka sove lavi moun.

Pou premye seyans seri fòmasyon sa yo, se nan lokal lise nasyonal Petyonvil la fòmatè UMPS-SUMMOC yo akeyi plizyè dizèn jèn fi ak jèn gason ki nan klas tèminal ki soti nan plizye lise nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens la. Pwogram fòmasyon sa a gen pou etann li nan 10 direksyon depatmantal edikasyon yo.

Premye jounen fòmasyon sa a te demare anba je direktè depatmatal edikasyon lwès la, Étienne Louisseul France ; direktè lise nasyonal Petyonvil la, Jean-Marc Charles ak kèk ajan polis kominotè (Edupol). Entèvenan UMPS-SUMMOC yo te fè tewori ak pratik similasyon ak elèv yo ki te parèt byen motive nan okazyon an.

Fòmasyon, sansibilizasyon ak similasyon, se twa gwo pwen sa yo ki te make echanj yo ant fòmatè yo ak elèv yo.

Fòmasyon sa yo ap prepare elèv pou yo ka bay yon premye asistans swen ak moun ki viktim anvan pwofesyonèl ki gen bon jan konesans nan zafè medsin kapab wè ka sa yo. Se youn nan prensipal objektif Pwotokòl kolaborasyon ant MENFP ak UMPS-SUMMOC la, daprè kòdonatè antite sa a. Ricardo Jean-Pierre te pwofite enfòme premye seri fòmasyon sa yo vize plis pase 50 lekòl piblik ak prive nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan. Aktivite sa a ap gen pou etann li sou de mwa. Aprè sa, yo va reprann menm operasyon sa a la nan lòt nèf depatman yo.

Li bon pou raple Pwogram « Jès ki ka sove lavi moun » nan te demare aprè siyati, jedi 29 jen 2023, Pwotokòl kolaborasyon sou sèvis piblik prevansyon ak vilgarizasyon swen premye sekou ant minis Nesmy Manigat (MENFP) ak Ricardo Jean-Pierre (UMPS-SUMMOC).

Se yon inisyativ pami lòt ministè a pran nan lide pou prepare elèv yo pote sekou ak asistans bay kanmarad ak pèsonèl lekòl yo ki ta bezwen sa nan ka malez oubyen aksidan. Men pi globalman, fòmasyon sa yo ap kapab sèvi sizanka rès popilasyon an.

Biwo kominikasyon MENFP