MENFP ap ankouraje tout jefò k ap fèt pou pèmèt lekòl la reprann toupatou nan peyi a nan enterè timoun yo. MENFP ap salye tout direktè lekòl ki pa sispann travay pou fasilite timoun yo kontinye ak aprantisaj yo.

Annatandan lekòl la reprann tout kote, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) ap raple piblik la, sitou ajan edikatif yo, Sant Pèmanan Evalyasyon, ki se yon antite anndan Ministè a, gen responsabilite pwopoze, kòdone ak òganize evalyasyon sou tout teritwa peyi D Ayiti, jan sa di nan Atik 1, 4 ak 13 nan Arete Ministeryèl ki te kreye Sant sa a nan dat 2 jen 2022.

Konsa, MENFP ap bay asirans ak tout ajan edikatif yo, espesyalman direktè lekòl yo ak paran yo, l ap pran tout dispozisyon pou pèmèt Sant Pèmanan Evalyasyon an òganize egzamen Leta yo pou zòn ki ta gen difikilte, tankou kèk komin nan depatman Lwès la ak Latibonit.

MENFP di tèt frèt, okenn kandida regilye p ap rete deyò. Li deja pran tout dispozisyon pou Sant Pèmanan Evalyasyon an jwe wòl li, kòmsadwa, nan tèt kole ak Biwo Nasyonal Egzamen Leta a, nan prepare egzamen Leta pou kote sa pa ta rive fèt, jan sa prevwa nan finisman mwa jiyè ak komansman mwa out la, dapre nouvo kalandriye reyamenaje a ministè a.

Ministè a bay garanti l ap akonpaye tout kandida yo pou reyisit yo nan òganizasyon kou konpansasyon aprantisaj ak tout lòt sipò pou ede kandida yo byen prepare egzamen yo.

Ministè a pwofite raple se devwa tout sitwayen ak tout aktè pou pwoteje edikasyon ak lekòl nan enterè timoun yo. « Pa gen avni san edikasyon, pa gen edikasyon san lekòl ». Se nou tout ki pou mete men pou pwoteje dwa fondamantal timoun yo pou yo ale lekòl nan kelkeswa sikonstans lan.

Biwo Kominikasyon/MENFP