Apre plizyè reyinyon travay sou dewoulman ane lekòl la ak planifikasyon aksyon ki dwe fèt, e nan sousi pou pwoteje avni akademik elèv yo, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) ap enfòme piblik la, sitou ajan edikatif yo, li deside reyamenaje kalandriye eskolè 2023-2024 la. Konsa, dat egzamen Leta yo chanje :

  • Soti 22 pou rive 24 jiyè : Egzamen 9yèm ane fondamantal
  • Soti 22 pou rive 26 jiyè : Egzamen Ekòl Nòmal Enstititè
  • Soti 22 pou rive 26 jiyè : Egzamen Sant Edikasyon familyal
  • Soti 5 pou rive 8 out : Egzamen bakaloreya

MENFP ap ensiste tou sou òganizasyon egzamen 9yèm ane yo ane sa a, sitou pou nouvo matyè yo tankou Edikasyon Sivik, Edikasyon Fizik ak Espòtiv, Edikasyon Atistik ak Estetik, ak Edikasyon sou Teknoloji ak Aktivite Pwodiksyon. Egzamen sa yo ap obligatwa. MENFP deja distribye pwogram yo pou matyè sa yo nan 10 DDE yo pou pwofesè yo byen ankadre elèv yo. Pou premye ane eksperimantasyon evalyasyon 4 nouvo matyè sa yo, Ministè a di tout elèv tèt frèt. L ap òganize yon egzamen espesyal ki pa dwe penalize okenn elèv.

Jan sa te fèt ane pase, MENFP ap akonpaye tout elèv pou ede yo reyisi egazamen yo nan mete sou pye tout kalte pwogram edikatif sou radyo, sou televizyon, sou kle USB, sou sit ministè a, ak kou konpansasyon aprantisaj ak prezans anseyan toupatou, sitou pou depatman lwès la ak lòt zòn ki pi afekte yo. Ministè a ap salye travay responsab lekòl toupatou nan peyi a ki itilize tout mwayen pou kontinye akonpaye elèv yo nan aprantisaj yo, malgre anpil difikilte.

Nan sans sa a, Ministè a pwofite renouvle apèl li bay tout sektè ak patnè l yo pou pwoteje Dwa pou Ledikasyon pou tout timoun ak jèn yo e pwoteje lekòl ak inivèsite yo. Se sèl fason pou nou pèmèt timoun ak jèn yo byen prepare avni yo. Se poutètsa, MENFP kondane tout atak kont lekòl ak inivèsite nou yo.

Ministè pwofite raple tout direktè lekòl enskripsyon anliy pou elèv ak pwofesè yo ap fini nan dat 12 avril 2024. Se sou sit ministè a chak responsab lekòl dwe ranpli fòmalite sa a. Se youn nan kondisyon obligatwa pou yon lekòl patisipe nan egzamen Leta yo.

MENFP konte sou kolaborasyon tout responsab lekòl, tout enspektè yo, tout aktè yo pou kore desizyon sa yo nan enterè elèv yo.

Biwo kominikasyon /MENFP