“LANG KREYOL TOUT KOTE, SAN FÒS KOTE”

Nan okazyon lansman aktivite ki marande ak jounen entènasyonal lang kreyœl la, nan non Ministè a mwen di tout moun: LIZAY.

Mwen pwofite sikonstans lan pou voye yon gwo salitasyon pou tout akademisyen yo ki prezan jodi a. Teknisyen sa yo pa janm sispann travay pou bay lang kreyòl la dimansyon li merite a, menm lè yo pa jwenn mwayen pou sa, menm lè se ak bout zong yo y ap travay.

M ap pwofite tou raple tout moun, lang kreyol nou pale a se rezilta yon pakèt batay nou mennen pou konstwi yon zouti kominiksayon ant nou menm esklav nan tan lakoloni. Zouti sa a te pemet nou youn konprann lòt, nou youn solidè ak lòt, nou youn planifye ak lòt pou nou rive kase chèn lesklavaj la.

E, batay sa a pa fini, li gen pou l fini sèlman lè tout ayisyen kèlkeswa kote yo soti, kelkeswa koulè yo ak relijyon yo pran konsyans yo tout sanble, yo tout gen menm istwa, menm idantite. Konsa yo tout dwe pale youn ak lot nan lang manman yo san diskriminasyon, san konpleks pou angaje batay pou sòti peyi a nan tchouboum li ye depi kèk tan an.

Mwen konstate, sitou nan okazyon jounen mondyal lang kreyòl la, tandans pou tout moun ap repete pwovèb kreyol yo, negatif kou pozitif. Mwen panse fòk nou ale pi lwen. Lang kreyòl la ba nou anpil valè pozitif nan rapò youn gen ak lòt. Valè k ap ede nou vanse pi byen. Tankou sa yo: SOLIDARITE – OSPITALITE – KONBIT – RESPÈ POU TOUT MOUN – RESPÈ SITOU POU GRANDÈT…

“Men anpil chay pa lou” – piti piti fè pil – yon sèl dwèt pa manje kalalou elatriye…se mòd pwovèb sa yo peyi a bezwen tande jiskaske nou tout pran konsyans, se nan linite ak solidarite bagay yo ap chanje.

Lang kreyòl la charye yonn bann kalite ki makonnen ak jan nou viv, jan nou renmen, jan nou konprann lavi, jan nou konprann lanmò, jan nou abiye, jan nou fache, jan nou danse, jan nou trete tèt nou… kidonk, meyè fason pou devlope kilti majorite pèp ayisyen an, se nan bay lang li pale a valè ak respè li merite. Konsa mas pèp la p ap santi l diminye, e l ap gen ase fòs ak kouraj pou l mache tèt dwat nan chimen pou devlope peyi l ak pwòp tèt li.

Kilti nou se idantite nou, idantite nou se tout valè yo aprann nou depi lakay, nan lekòl, nan lakou atravè listwa nou kòm pèp, men tou atravè tou lang nou pale. E lang nou tout pale e tande pi byen an : se kreyòl.

Se vre konstitisyon 1987 la mete kreyòl la nan nivo lang ofisyèl. Nan atik 5, li rekonèt, kreyòl la se lang nasyonal. Men, malgre sa gen anpil anpil travay ki gen pou fèt pou bay lang kreyòl la dimansyon li merite a.

Se pou sa, nan lokazyon jounen entènasyonal lang ak Kilti kreyòl la, 28 oktòb 2021, Ministè Kilti ak Kominikasyon kwè moman an rive pou mobilize tout enstitisyon konsène yo andan peyi a pou koumanse reflechi sou nesesite fè kreyòl la tounen yon zouti kominikasyon san diskriminasyon, san esklizyon.

Fòk nou rive tabli yon veritab pwodiksyon literè an kreyòl.

Fòk nou batay pou tout dokiman ofisyèl yo redije an kreyòl tou.

Fòk kreyòl la jwenn menm trètman ak nenpòt lòt lang yo itilize nan lekòl, nan Inivèsite, nan biwo piblik, nan tribinal ak nan tout lòt espas kote moun ap kominike, kote moun ap pale koze lasyans.

Li difisil pou nou chanje sitiyasyon majorite moun k ap viv nan sosyete sa a, si nou pa bay enpòtans ak jan yo pale, ak jan yo viv. Gouvènman an ki gen responsablite defini pwogram ak estrateji pou amelyore sitiyasyon moun ki pi plis yo e ki pi pòv yo, dwe batay pou konstui yon peyi kote tout moun ladann. Zansèt nou yo pat fè tout sakrifis sa yo pou majorite moun nan peyi a ap viv nan mepri ak lendiferans.

Nan dinamik pou nou valorize lang kreyòl la ak travè kilti popilè a, Akademi lang kreyòl la genyen yon kokennchen responsabilite. Nou rekonèt mwayen yo pa anpil. Men nou kwè menm lè pa gen mwayen, gen anpil lide. Lide pou swiv dinamik evolisyon lang lan epi ranfòse estriki lengwistik yo. Tankou tout lang sou latè, kreyòl la ap viv. L ap grandi chak jou ak entegrasyon lòt mo, lòt ekspresyon ki kole ak dinamik sosyopolitik la. Nan sans sa a, nou voye yon gwo kout chapo pou travay Akademisyen yo te fè sa gen 3 zan sou adaptasyon lang lan.

Nou dwe rekonèt tankou tout lang sou latè, alfabè, vokabilè, fonetik kreyòl la merite aktyalize parapò ak diferans rejyonal yo epi tou kontribisyon lòt lang yo ap pote nan mekanik echanj pèmanan peyi ak peyi.

Ministè a pa gen pretansyon di akademisyen yo kisa pou yo fè. Sepandan, Ministè a dispoze chita avè yo pou defini yon kad koperasyon nan pèspektiv pou ranfòse Akademi an nan fonksyonman l, nan pwogramasyon l ak nan rechèch ki gen pou fèt.

Konsa nou espere jwenn kout men tout moun, tout enstitisyon, tout kote. Paske koze a se koze nou tout, fòk nou tout pote l sou do nou.

Yon peyi ki akouche libète nan tranche san fè kado ka rive Soti nan sa li ye a.

Yon peyi ki gen yon patrimwàn kiltirel ak tout richès sa yo ka soti nan sal ye a.

Yon peyi ki rive konstui yon bel lang ak tout nanm, ak tout koulè lengistik yo, ki rive jwenn rekonesans nan anpil inivèsite ak sant fòmasyon nan gwo peyi nan mond lan.

Mèsi tout moun!