Lang kreyòl, premye senbòl idantite nou, Ayisyen, kòm pèp, se yon zouti kominikasyon plizyè milyon moun nan peyi Ayiti itilize. Li toujou jwe yon wòl pwennfèpa nan tout dinamik sosyal ki vize yon alemye pou pèp ayisyen an. Lang kreyòl la, se tankou yon rezèvwa fòs ak enèji ki toujou akonpanye pèp la nan tout mouvman chanjman ki anbrase byennèt ak diyite moun an jeneral. Yonn nan pi bèl egzanp nou ka rale mete sou tapi a se fonksyon inifikatè oubyen wòl “siman sosyal” lang sa a jwe nan tout peripesi zansèt nou yo te kwaze sou chemen yo, nan batay yo t ap mennen pou yo te kapab demantibile kolonizasyon ak lesklavaj epi brandi flanbo libète an gran jan 1e janvye 1804, nan vil Gonayiv.

Jounen jodi a, nan okazyon 40èm selebrasyon Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl, Akademi Kreyòl Ayisyen santi ankò nesesite pou li raple wòl fondamantal lang kreyòl la dwe toujou jwe si nou deside ba li plas li merite nan dinamik tout aksyon ak diskou ki vize devlòpman ak pwogrè. “Lang kreyòl: yon zouti devlòpman dirab” se tèm enstitisyon an chwazi pou selebrasyon mwa lang ak kilti kreyòl 2023 a. Pou gen devlòpman dirab, lang ak kilti popilasyon an dwe vin premye pyon aksyon devlòpman an, yon fason pou li kapab patisipe nan pwosesis devlòpman an.

28 oktòb, se temwanyaj yon vizyon inite ki soude pèp kreyolofòn yo pi plis toujou. Ane 2023 a make 40 lane depi yon gwoup entèlèktyèl, kreyolis ak divès kominote kreyolofòn te reyini nan zile Sechèl pou yo te bwase lide sou posibilite ak avni lang kreyòl la. Akademisyèn grandèt, an 2023, Madam Adeline Chancy te nan mitan deba sa yo pou Ayiti, toupatou nan peryòd la. E se konsa, yo te mete yo dakò pou yo te konsakre 28 oktòb chak ane kòm Jounen pou tout kreyolofòn sou latè selebre lang ak kilti kreyòl nan tout divèsite li, nan tout imansite richès ki karakterize lang kreyòl la.

Jodi a, nan okazyon jounen istorik sa a, Akademi Kreyòl Ayisyen swete tout kreyolofòn sou latè, tout kominote kreyolofòn nan Karayib la ak nan Oseyan endyen yon bèl anbyans selebrasyon lang ak kilti kreyòl. Se okazyon tou pou nou raple devlòpman ak reyònman lang kreyòl mache men nan men ak volonte chak kominote kreyolofòn manifeste pou lang kreyòl la pa gen limit nan kèlkeswa domèn lakonesans. Devlòpman ak reyònman lang kreyòl la mache pye pou pye ak travay pwodiksyon / kreyasyon, nou menm kreyolofòn nou chwazi fè ladan li, san neglije rechèch syantifik sou lang lan ak nan lang lan. Se yon evidans lang ak kilti kreyòl se zèl kat nou gen nan men nou pou nou afime idantite nou kòm pèp rezistan, rezilyan ki te rive fòje pwòp zouti pou nou kominike nan mitan lanfè kolonizasyon ak toumant lesklavaj.

Lang ak kilti kreyòl se rasin ki lyannen nou ansanm, ki fè nou konekte yonn ak lòt, ki fè nou santi nou pwòch yonn ak lòt, malgre jewografi ta elwanye nou. Karantyèm Jounen selebrasyon lang ak kilti kreyòl sa a envite nou reflechi sou divès defi nou menm pèp kreyolofòn genyen pou nou leve, nan sa ki konsène entegrasyon efektif lang lan nan espas administratif, nan dokiman ofisyèl, nan diskou fòmèl, elatriye.

Pi plis toujou, yon pledwaye pou nou remete sou tab la konsènan pwopozisyon pou kreyòl vin yonn nan lang ofisyèl nan Karikòm, se yon nesesite istorik, e menm moral.

Ayiti pou kont li, p ap kapab genyen batay sa a, men ansanm ak lòt peyi / teritwa kreyolofòn yo nan Karayib la, n ap rive ansanm. Nou menm pèp ki pale kreyòl genyen non sèlman yon redevans anvè pwòp tèt pa nou kòm eritye yon lang rezistans, men tou paske kreyòl se yonn nan lang ki regwoupe plis entèlokitè nan rejyon Karayib la.

Kidonk, se ap lejitim e menm jistis pou kreyòl fè pati lang ofisyèl nan Karikòm. Reyalite sosyopolitik peyi nou ap fè fas depi kèk pa sispann kontrarye ajannda aktivite Akademi Kreyòl Ayisyen. Pou rezon sa a, Akademi an oblije adapte li, nan mezi li kapab pou li esplwate nouvèl teknoloji kominikasyon yo pi plis nan plas anpil aktivite nou te konn fè abityèlman an prezantyèl. Nan okazyon selebrasyon mwa lang ak kilti kreyòl 2023 a, Akademi Kreyòl Ayisyen prezante ofisyèlman Dezyèm Rezolisyon sou òtograf lang kreyòl ayisyen an. Ak Dezyèm Rezolisyon sa a, Akademi an mete disponib yon zouti ki pou akonpanye tout pwodiktè, tout kreyatè, tout itilizatè lang lan an jeneral nan kad jefò k ap fèt pou nou pi byen ekri lang nou, pi byen itilize li pou li kontinye franchi boulva lasyans ak literati an penpan. Se lokazyon pou nou remèsye tout asosyasyon pwofesè, lengwis, espesyalis ki te patisipe nan atelye sou dokiman an oswa ki te voye remak ak pwopozisyon pou AKA. Se lokazyon tou pou AKA rekonèt sipò ak kolaborasyon Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl nan sikonstans lan. Tankou tout zèv moun fè, dokiman an kapab gen limit li, men piti piti Akademi an ap jwe prensipal misyon li ki se estandadize lang kreyòl ayisyen an.

Ane sa a menm, Akademi Kreyòl Ayisyen genyen pou li lanse yon Gran Pri literè ak Etid syantifik ki pwojte rekonpanse epi ankouraje pwodiksyon syantifik ak pwodiksyon literè Ayisyen nan lang kreyòl ayisyen. Pou ane 2024 la k ap mennen dizyèm anivèsè enstalasyon premye Akademisyen yo, AKA a prevwa òganize dis (10) mwa aktivite nan dis (10) Depatman jewografik peyi a, nan Dyaspora a. Se yon gwo chantye, men avèk sipò tout patnè nou yo li ap rive. Pou lang kreyòl la, ki se yon byen komen ki marande tout Ayisyen, pa gen sakrifis ki twò gran.

Se okazyon pou nou bat bravo pou divès Asosyasyon kiltirèl, klèb literè, bibliyotèk ak medzon edisyon nan peyi Ayiti kou nan dyaspora a ki te reyalize aktivite pandan mwa selebrasyon lang ak kilti kreyòl 2023 a. Plizyè lekòl ak Inivèsite rantre nan won. 

Yon lòt fwa ankò, n ap swete tout kreyolofòn toupatou sou latè yon bon Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl nan angajman ak volonte pou lang kreyòl la kontinye pete plafon tout kote, nan tout domèn!

Mèsi anpil!!