Edikasyon/Segondè teknik/Atelye

29 oktòb 2023.- Ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) òganize, samdi 28 oktòb la, nan inivèsite piblik Okay (UPSAC: Université publique du Sud aux Cayes, an franse), yon atelye sou pwogram lise teknik agrikòl yo. Yon karantèn teknisyen ki sòti nan direksyon depatmantal edikasyon Nip, Sid, Grandans ak inivèsite piblik ki nan twa depatman sa yo te patisipe nan aktivite a. Plizyè teknisyen nan direksyon depatmantal agrikòl ak komès nan Nip, Sid ak Grandans te pote kontribisyon pa yo nan echanj ki t ap fèt sou dokiman sa yo.

Nan lide pou ede patisipan nan atelye sa a konprann pi byen nouvo direksyon ministè a kòmanse bay edikasyon nan peyi a, minis Nesmy Manigat te fè yon prezantasyon sou Kad oryantasyon kourikoulòm nan. Daprè minis la, se yon dokiman ki ranmase depi plizyè ane yon seri refleksyon pou tante reponn ak yon kesyon fondamantal : Kòman lekòl la kapab reponn ak bezwen peyi a ?

Minis Nesmy Manigat te eksplike pou di Kad oryenatasyon kourikoulòm nan vize mete sou pye yon lekòl ki dwe ede nan rezoud pwoblèm peyi a. Youn nan gwo pwoblèm sa yo gen pou wè ak souverènte alimantè peyi a. Se nan pèspektiv pou ankouraje plis jèn, fi tankou gason, enplike yo nan developman agrikòl peyi a, e an rapò ak refòm edikasyon an, MENFP kòmanse tabli lise teknik agrikòl yo. Selon youn nan prespkripsyon Kad oryantasyon kourikoulòm nan, lekòl la gen pou misyon prepare elèv yo pou yo vin aktè nan chanjman peyi a.

Nan yon dezyèm tan, kòdonatè jeneral Pòl ansèyman ak kalite a te prezante karakteristik teknik ak oryentasyon nouvo segondè a pandan li te fè yon bon rete sou seri Syans ak teknoloji pou developman riral la ki gen ladann de seksyon: seksyon agrikilti ak seksyon elvaj. Se nan sans sa, Joseph Job Maurice te elabore sou pwogram detaye seri sa a ki mete douvan ranfòsman wòl ekonomik, ekolojik, sosyal ak kiltirèl aktivite agrikòl yo nan lavi peyi a.

Nan kloti atelye sa a, minis Nesmy Manigat te emèt kèk ide inivèsite piblik Nip, Sid ak Grandans ansanm ak twa direksyon edikasyon nan depatman sa yo dwe reflechi sou yon fason, avèk sosyete sivil depatmantal yo, pou yo kapab garanti developman lise teknik agrikòl yo.

Biwo kominikasyon MENFP