Edikasyon/Vizit/Chantye

30 oktòb 2023.- Pandan pasaj li, semenn pase a, nan depatman Sid peyi a, minis Nesmy Manigat te vizite plizyè chantye konstriksyon lekòl nan lide pou evalye kantite ak kalite travay ki deja fèt sou chak sit sa yo.

Jedi 26 oktòb 2023: Minis Nesmy Manigat ansanm ak direktè jeneral Fon nasyonal edikasyon an (FNE), Jean Ronald Joseph, te fè yon vizit evalyasyon chantye konstriksyon lekòl nasyonal Mwensa ki nan dezyèm seksyon kominal Ansavo. Selon plan travay yo, lekòl sa a ap gen 14 sal, tèren pou pratike divès espò.

Vandredi 27 oktòb 2023: Toujou an konpayi Jean Ronald Joseph, direktè jeneral FNE, minis Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl la te rann li sou sit Sant fòmasyon pwofesyonèl Okay la. Tout batiman yo fin konstui. Li rete pou kounye a pou mete ekipman nan atelye yo. Yon bon pati nan ekipman sa yo deja nan depo lekòl la.

Dimanch 29 oktòb 2023: Minis Nesmy Manigat te deplase pou ale gade eta avansman de chantye nan komin Chantal. Premye a se chantye konstriksyon lekòl nasyonal Melonyè ak chantye konstriksyon lise nasyonal Chantal la.