Edikasyon/Atizana an Fèt

9 desanm 2023.- Nap bwode, chemiz bwode, nap aplik; pwodui mawokinri tankou valiz, soulye, barèt, braslè, zanno; pwodui kwochè tankou wòb, konplè, jip, barèt ak plizyè lòt pwodui ki fèt an makrame, se pami zèv elèv Sant Edikasyon Familyal yo (Centre d’éducation familiale, CEF, an franse) prezante bay gran piblik la nan kad 17èm edisyon Atizana an Fèt la k ap dewoule pandan wikenn 9 ak 10 desanm 2023 a.

Nan premye jounen fwa sa a, 9 elèv ki gen ak yo 4 monitris ki soti nan Sant Edikasyon Familyal ki nan Lilavwa ak Kwadèboukè ekspoze zèv yo.

Selon Renette Lorméus Joseph, ki an chaj dosye Sant sa yo nan Direksyon Ansèyman Fondamantal (DEF) nan ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl (MENFP), mòd aktivite sa yo se bèl okazyon pou gran piblik la dekouvri oubyen redekouvri kalite travay aprenan yo – pi souvan ki se jenn fi ak fanm ki gen responsabilte kay -, ap fè. Aprenan sa yo ki pwodui bagay yo kapab itilize, men tou bagay pou yo vann. An plis de sa, madan Joseph di, daprè eksperyans ki fèt deja, aktivite gran piblik sa yo fasilite ekspozan yo fè kontak, resevwa kòmann pou yo livre byen aprè.

Elèv Zacria Euvrard ki soti nan Sant Lilavwa menm jan ak monitis Mimause Larose (Kwadèboukè), Marie Flore Angévil Siliora (Lilavwa) estime, yo menm tou, Atizana an Fèt se yon bèl vitrin pou yo, an menm tan yon bon espas ki pèmèt yo anrichi kreyativite yo nan apresye travay wòtpote anpil lòt atizan ap fè; atizan ki soti toupatou anndan peyi a.

Mizapa Sant Edikasyon Familyal yo, Pwogran nasyonal kantin pou lekòl yo (Programme national de cantines scolaires, PNCS, an franse) te prezante sou bò pa l nan tèt kole ak plizyè lòt patnè pwodui atizan agrikòl yo transfòme; pwodui ministè a distribiye nan lekòl. Sou tab ekspozisyon yo te genyen: papita ki fèt ak bannan ou byen lamveritab, kasav, gato ki fèt ak mayi, chanmchanm, lèt, vita manba.

Pou teknisyen PNCS, avèk seri pwodui sa yo, non sèlman yo soutni ekonomi lokal la, men yo fasilite elèv yo konsome bon jan pwodui lokal; pwodui ki pote ba yo tousa yo bezwen pou kò yo develope e pou yo kapab rete an sante.

Gras ak akonpayman Pwogram alimantè mondyal (PAM), Rezo pwodiktè ak pwodiktris agrikòl Grandans (ROPAGA) ap patisipe nan fwa sa a tou. ROPAGA se yon enstitisyon ki jwe yon gwo wòl nan bay pwodui pou kantin lekòl yo nan Grandans peyi a. Selon Jean Martin Bauer, reprezantan PAM nan ann Ayiti, anviwon 90% pwodiksyon rezo sa a se PAM ki achte l pou kantin lekòl yo. Jean Martin Bauer site pwodui tankou yanm, patat, bannann, mayi moulen, diri, pwa, zepina, kawòt, berejèn, militon…

Daprè Marie Renette Jabouin, youn nan responsab ROPAGA yo, koperasyon ki ede yo bay manje nan lekòl yo kontribiye anpil nan ranfòsman òganizasyon agrikòl yo, nan fasilite elèv yo manje pwodui ki fre, pwodui byolojik, pwodui ki ede yo rete an sante.

Men nan kad edisyon 2023 Atizana an Fèt la, nan lis pwodui agrikòl ROPAGA prezante yo genyen : kremas lamveritab, kremas kakawo, kremas jenjanm, kremas kokoye, siwo myèl, chips lamveritab, papita, channchanm, diri peyi ki soti nan komin Koray ak poud damou ki te vann tankou pate cho.

Rezo pwodiktè ak pwodiktris agrikòl Grandans (ROPAGA) ki livre pwodui pou kantin nan plizyè santèn lekòl reyini 78 òganizasyon ki tabli nan komin Mafran, Rozo ak Jeremi. Rezo sa a rive travay ak plis pase 7 mil agrikiltè ak agrikiltris.

Biwo komikasyon MENFP