11 desanm 2023.- Tout direktè lekòl dwe ranpli fich enfòmasyon anliy sou elèv yo ak pwofesè yo anvan dat 15 janvye 2024

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) salye tout responsab lekòl epi remesye yo pou travay ki fèt pou ranpli done sou elèv yo, pwofesè yo ak lekòl yo sou platfòm Ministè a mete kanpe pou sa, sou sit wèb Ministè a : www.menfp.gouv.ht

Nou gen tan depase plis pase yon milyon elèv, plis pase 17 mil lekòl ak plis pase 30 mil anseyan. Se yon kokenn chenn avanse nan travay k ap fèt pou ministè a ak peyi a genyen yon Rejis pou anseyan, yon Rejis pou elèv ak yon Rejis pou lekòl yo.

Travay la ap rapouswiv ak kolaborasyon tout ajan edikatif. Tout bon jan desizyon pou amelyore kalite lekòl la dwe chita sou bon jan done.

Konsa, direktè lekòl ki poko ranpli fich ankèt anliy sou elèv yo ak pwofesè yo dwe fè sa pou pita anvan dat 15 janvye 2024 la. Se denye delè Ministè a bay pou tout reponsab lekòl yo ranpli obligasyon sila a.

N ap raple, okenn lekòl pap ka enskri elèv nan egzamen Leta yo, ni benefisye sipò Leta, ni genyen pèmi fonksyone si li pa respekte obligasyon sila a ki se ranpli fich ankèt anliy pou chak elèv gen yon nimewo idantifikasyon eskolè inik (NISU) epi pou chak pwofesè genyen pèmi anseye.

MENFP remesye ankò tout responsab lekòl pou travay finalizasyon twa (3) regis sa yo ki se : Rejis lekòl, Rejis pwofesè ak Rejis elèv.

Biwo kominikasyon MENFP