Kowonaviris – Prevansyon

Lave men w

Bay tout moun 2 pa distans

Pa manyen figi w

Koute konsèy otorite yo

Kijan ou ka pwoteje tèt ou kont kowonaviris la?

Toujou verifye enfòmasyon sou kowonaviris la. Yo disponib sou sit entènèt Oganizasyon Mondyal Lasante a (OMS) ak bò kote otorite yo nan Ministè Sante Piblik ak Popilasyon an oswa nan Sant Enfòmasyon Pèmanan sou Kowonaviris la (CIPC) ki chita kò l nan biwo Sekretè Deta Kominikasyon an pou w kapab konnen kijan ou ka pwoteje tèt ou ak pwòch ou kont kowonaviris la.

Otorite yo konnen tout dènyè evolisyon maladi a, se yo ki ka pi byen esplike w tout sa pou w fè pou w pa trape maladi kowonaviris la.

Gen anpil moun ki enfekte ki pa gen twòp sentòm e yo rive geri, men gen kèk lòt ki genyen maladi kowonaviris la nan yon fòm ki pi grav. Li preferab pou ou limite deplasman ou, pa sòti si se pa pou yon ijans oubyen yon kòz ki enpòtan. Toujou sonje mete kach nen si w ap sòti.

Nan lide pou ede w pwoteje tèt ou ak moun ki pwòch ou men kèk konsey nou pote pou ou :

Lave men w detanzantan

Lave men ou souvan ak dlo ak savon oubyen lòt pwodwi ki prepare pou sa ki fèt avek alkòl pandan 20 a 30 segond. Sa ka pèmèt ou touye viris la si li te nan men w.

Distans fizik / Bay tout moun 2 pa distans

Evite kole sou moun, bay tout moun 2 pa distans ki kapap yon mèt distans konsa pou pi piti sitou pou sila yo ki ap touse, estènen oubyen ki gen lafyèv. Paske lè yon moun ki gen maladi kowonaviris la touse oswa estènen li jete kèk gout krache oubyen rim. Si ou twò pre li, ou kapab respire yo sa ka lakoz ou menm tou ou trape maladi kowonaviris la.

Pa manyen figi w

Evite manyen je w, nen w ak bouch ou. Toujou sonje men ou, se pati nan kò w ki an kontak dirèk ak tout kote ki gen posibilite pou viris la chita. Si ou manyen figi w ou riske kontamine tèt ou.

Touse oubyen estènen nan koud ou oswa nan yon mouchwa ou ka jete epi lave men w pou w evite pwopaje viris la oubyen lòt maladi.

Mete mas

Gen anpil moun ki enfekte ki pa gen twòp sentòm e yo rive geri, men gen kèk lòt ki genyen maladi kowonaviris la nan yon fòm ki pi grav. Li preferab pou ou limite deplasman ou, pa sòti si se pa pou yon ijans oubyen yon kòz ki enpòtan. Toujou sonje mete mas ki bare bouch ou ak nen ou si w ap sòti paske ou pa konn si moun w ap kontre yo pa kontamine.

Evite mete mas la sou tèt ou osinon anba kou w. Lè w ap mete osinon retire yon mas, ou pa dwe janm touche fas mas la ak men w, ou sipoze retirel apati de zòn ti elastik ki pase dèyè zòrèy ou a.